Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 31

Yon Sòm David

Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache.

Pa janm kite mwen 1vin wont.

Nan ladwati Ou, delivre mwen.

Panche zòrèy W bò kote mwen.

Delivre mwen byen vit.

Devni pou mwen 2wòch ki ban m fòs,

yon sitadèl ki pou sove m.

Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen,

konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.

Ou va rale m sòti nan filè ke yo te

prepare an sekrè pou mwen an,

paske se Ou ki fòs mwen. 3

Nan men Ou, mwen mete lespri mwen.

Ou te rachte m, O SENYÈ, Bondye verite a.

Mwen rayi sila ki fè rega a fo zidòl yo,

men nan Bondye, mwen 4mete konfyans mwen.

Mwen va rejwi e fè kè kontan nan

lanmou dous Ou, akoz Ou te wè soufrans mwen.

Ou te 5wè soufrans a nanm mwen. 6

Ou pa t lage mwen nan men a lènmi an.

Ou te mete pye mwen nan yon kote byen laj.

Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub.

Zye m ak kò m ak nanm mwen;

tout fin gate nèt akoz doulè m.

Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m,

ane mwen yo avèk soupi. 7

Fòs mwen fin ale akoz inikite m.

Kò mwen fin epwize.

Akoz tout advèsè mwen yo, mwen te

devni yon objè 8abominab,

sitou a vwazen mwen yo, e yon

objè laperèz a sila ki rekonèt mwen yo.

Sila ki wè m nan lari yo sove ale devan m.

Mwen fin 9bliye tankou yon moun mouri,

disparèt nan panse moun.

Mwen tankou yon veso ki fin kraze.

Paske mwen konn tande kout lang

anpil moun, laperèz toupatou. 10

Yo pran konsèy ansanm kont mwen.

Yo te fè konplo pou rache lavi m.

Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ.

Mwen di: 11“Se Ou menm ki Bondye mwen”.

Moman mwen yo nan men Ou. 12

Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo,

avèk sila ki pèsekite mwen yo.

Fè limyè figi Ou vin parèt sou sèvitè Ou a. 13

Sove mwen nan lanmou dous Ou a.

Pa kite mwen fè wont, O SENYÈ,

paske se Ou ke m rele.

Kite lèv ki manti yo sispann,

sila yo k ap 14pale ak awogans kont moun dwat yo,

k ap fè ògèy pou desann moun.

Men a la gran, 15bonte ke Ou

te konsève pou sila ki krent Ou yo,

ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!

Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout 16manèv a lòm.

Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj

kont konplo a tout lang lèzòm.

Beni se SENYÈ a,

paske li te fè mèvèy a lanmou dous Li a

anvè mwen nan yon 17vil byen fò.

Pou mwen, mwen te di ak kè sote mwen:

“Mwen 18koupe retire nèt devan zye Ou”.

Sepandan, Ou te tande vwa a siplikasyon mwen yo

lè m te kriye a Ou menm.

O renmen SENYÈ a, nou tout, moun fidèl yo!

SENYÈ a toujou 19prezève moun fidèl yo,

e bay pwòp rekonpans a sila ki plen ògèy yo.

Kenbe fèm e 20kite kè ou pran kouraj,

nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.

Source notes (20)
  1. Cross-reference Sòm 25:2
  2. Cross-reference Sòm 18:2
  3. Cross-reference Luc 23:46
  4. Cross-reference Sòm 52:8
  5. Cross-reference Sòm 10:14
  6. Cross-reference Det 32:30
  7. Cross-reference Sòm 39:11
  8. Cross-reference Sòm 69:19
  9. Cross-reference Sòm 88:5
  10. Cross-reference Mat 27:1
  11. Cross-reference Sòm 140:6
  12. Cross-reference Sòm 143:9
  13. Cross-reference Sòm 6:4
  14. Cross-reference Jd 15
  15. Cross-reference És 64:4
  16. Cross-reference Sòm 37:12
  17. Cross-reference I Sam 23:7
  18. Cross-reference És 38:11-12
  19. Cross-reference Sòm 145:20
  20. Cross-reference Sòm 27:14

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.