Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 32

Yon Sòm David. Yon Sòm Refleksyon

1

A la beni se sila ki padone pou transgresyon li,

pou peche li ki kouvri a!

A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la,

e nan lespri a sila 2 ki pa gen manti a.

Lè m te 3kenbe silans selon peche mwen,

kò m te desann bese nèt e mwen t ap plenyen tout lajounen.

Paske lajounen kon lannwit, 4

men Ou te lou sou mwen.

Fòs mwen te epwize vin bese

tankou gwo chalè nan gran sezon ete. Tan

Mwen te vin rekonèt peche m devan Ou,

e inikite mwen, mwen pa t ankò kache.

Mwen te di: 5“Mwen va konfese transgresyon mwen yo a SENYÈ a”,

epi Ou te padone koupabilite m pou peche mwen yo.

Konsa, kite tout sila ki fidèl yo priye vè Ou menm, 6

nan yon lè ke Ou toujou disponib.

Anverite, nan gran flèv dlo yo,

yo p ap kab rive kote Li ankò.

Ou se kote ke m konn kache a.

Ou 7pwoteje mwen kont gwo twoub.

Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.

Mwen va 8enstwi ou e fè ou aprann chemen

nan sila ou dwe ale a.

Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.

Pa fè 9tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm,

ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo.

Otreman, yo p ap vin kote ou.

Anpil se 10tristès a mechan yo,

men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a,

se lanmou dous ki va antoure li.

Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis!

Rele avèk jwa, nou tout 11ki dwat nan kè nou yo.

Source notes (11)
  1. Cross-reference Sòm 85:2
  2. Cross-reference Jn 1:47
  3. Cross-reference Sòm 39:2-3
  4. Cross-reference I Sam 5:6
  5. Cross-reference I Jn 1:9
  6. Cross-reference Sòm 69:13
  7. Cross-reference Sòm 121:7
  8. Cross-reference Sòm 25:8
  9. Cross-reference Pwov 26:3
  10. Cross-reference Wo 2:9
  11. Cross-reference Sòm 7:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.