Bib Sen An
Sòm Yo 33
Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!
Lwanj 1bèl lè l sòti nan moun ki dwat. 2
Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.
Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.
Chante a Li menm yon chan tounèf.
Jwe ak kapasite e fò avèk yon 3gwo kri lajwa.
Paske pawòl SENYÈ a dwat.
Tout zèv Li yo fèt 4avèk fidelite.
Li 5renmen ladwati avèk jistis.
Latè ranpli avèk lanmou dous SENYÈ a.
Avèk pawòl SENYÈ a syèl yo te fèt:
pa souf a bouch Li, 6tout lame syèl yo.
Li ranmase tout 7dlo lanmè yo ansanm pou fè yon gwo pil.
Li fè tout pwofondè yo kouche fè kay depo.
Kite 8tout latè krent SENYÈ a.
Kite tout sila ki rete nan mond lan
kanpe etone nèt pa Li menm.
Paske 9Li te pale e mond lan te fèt.
Li te kòmande e li te kanpe fèm.
SENYÈ a 10ranvèse konsèy a nasyon yo.
Li anile pwojè a pèp yo. 11
Konsèy SENYÈ a kanpe jis pou tout tan,
e pwojè a kè Li yo de jenerasyon an jenerasyon.
Beni se nasyon ki gen Bondye kon SENYÈ yo,
pèp ke Li te 12chwazi pou pwòp eritaj Li a.
SENYÈ a 13gade depi nan syèl la.
Li wè tout fis a lòm yo.
Soti nan 14abitasyon Li an,
Li veye sou tout sila ki rete sou latè yo.
Li menm ki 15fòme kè a yo tout,
Li menm ki konprann tout zèv yo. 16
Wa a pa sove pa yon lame pwisan.
Yon gèrye pa delivre pa gran fòs Li.
Yon cheval se yon 17fo espwa pou viktwa a,
ni li p ap delivre pèsòn ak pwisans li.
Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,
sou sila ki 18mete espwa yo nan lanmou dous Li a,
pou 19delivre nanm pa yo devan lanmò,
e kenbe yo vivan nan gwo grangou.
Nanm nou 20ap tann SENYÈ a.
Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.
Paske 21kè nou rejwi nan Li, akoz
nou mete konfyans nou nan sen non Li.
Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou,
selon esperans ke nou te mete nan Ou a.
Source notes (21)
- Cross-reference Sòm 92:1
- Cross-reference Sòm 71:22
- Cross-reference Sòm 98:4
- Cross-reference Sòm 119:90
- Cross-reference Sòm 11:7
- Cross-reference Jen 2:1
- Cross-reference Egz 15:8
- Cross-reference Sòm 67:7
- Cross-reference Jen 1:3
- Cross-reference Sòm 2:1-3
- Cross-reference Job 23:12
- Cross-reference Egz 19:5
- Cross-reference Job 28:24
- Cross-reference I Wa 8:39-43
- Cross-reference Job 10:8
- Cross-reference Sòm 44:6
- Cross-reference Sòm 20:7
- Cross-reference Sòm 32:10
- Cross-reference Sòm 56:13
- Cross-reference És 8:17
- Cross-reference Za 10:7
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.