Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 34

Yon Sòm David lè l te parèt tankou moun fou devan Abimélec ki te pouse l ale, epi konsa, li te pati.

Mwen va 1beni SENYÈ a nan tout tan.

Lwanj Li va toujou nan bouch mwen.

Nanm mwen va 2fè glwa li nan SENYÈ a.

Enb yo va tande l, e yo va rejwi.

O leve SENYÈ a byen wo avè m.

Annou 3leve non L wo ansanm.

Mwen te 4chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,

epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.

Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè.

Figi yo 5p ap janm wont.

Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li,

epi 6te sove li sòti nan tout twoub li yo. 7

Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo,

epi li sove yo nan gwo twoub.

O goute e wè ke Bondye bon.

A la beni nonm 8ki kache nan Li a beni!

Krent SENYÈ a, O nou menm ki 9sen Li yo.

Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.

Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou,

men sila ki chache SENYÈ yo, 10

p ap manke okenn bon bagay.

Vini, pitit, koute mwen.

Mwen va enstwi ou nan 11lakrent SENYÈ a.

Se ki moun ki dezire lavi, e renmen

jou li yo pou li kapab 12wè sa ki bon?

Kenbe 13lang ou apa de sa ki mal,

e lèv ou pou pa bay manti.

Kite sa ki mal la epi fè sa ki bon. 14

Chache lapè e fè efò pou twouve li. 15

Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo.

Zòrèy Li koute kri yo.

Figi SENYÈ a kont malfektè yo,

pou 16efase memwa yo sou tè a. 17

Moun dwat kriye.

SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.

SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,

epi sove sila ki 18kraze nan lespri yo.

Anpil, se 19afliksyon a moun dwat la,

men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.

Li konsève tout zo li yo. 20

Pa menm youn nan yo va kase.

Se 21mechanste ki va touye mechan an.

Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.

SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo.

P ap gen nan sila ki 22kache nan Li yo

k ap kondane.

Source notes (22)
  1. Cross-reference Ef 5:20
  2. Cross-reference Jr 9:24
  3. Cross-reference Sòm 18:46
  4. Cross-reference Mat 7:7
  5. Cross-reference Sòm 25:3
  6. Cross-reference Sòm 34:4
  7. Cross-reference Sòm 91:11
  8. Cross-reference Sòm 2:12
  9. Cross-reference Sòm 31:23
  10. Cross-reference Sòm 84:11
  11. Cross-reference Sòm 111:10
  12. Cross-reference Ekl 3:13
  13. Cross-reference Pwov 13:3
  14. Cross-reference És 1:16
  15. Cross-reference Job 36:7
  16. Cross-reference Am 9:4
  17. Cross-reference Sòm 34:6
  18. Cross-reference És 57:15
  19. Cross-reference II Tim 3:11
  20. Cross-reference Jn 19:33-36
  21. Cross-reference Sòm 94:23
  22. Cross-reference Sòm 37:40

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.