Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 150

Louwe SENYÈ a!

Louwe SENYÈ a nan 1sanktiyè Li a!

Louwe Li nan gran espas syèl la pou tout zak pouvwa Li yo!

Louwe Li pou 2zèv pwisan Li yo!

Louwe Li selon bèlte a grandè Li!

Louwe Li ak son 3twonpèt la!

Louwe Li ak ap avèk gita!

Louwe Li ak 4tanbouren ak dans!

Louwe Li ak enstriman a kòd ak flit!

Louwe Li ak 5 senbal byen fò!

Louwe Li ak senbal k ap retanti!

Kite 6tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a!

Louwe SENYÈ a!

Source notes (6)
  1. Cross-reference Sòm 73:17
  2. Cross-reference Sòm 145:12
  3. Cross-reference Sòm 98:6
  4. Cross-reference Sòm 149:3
  5. Cross-reference II Sam 6:5
  6. Cross-reference Sòm 103:22

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.