Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 1

1

Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:

pou konnen sajès avèk enstriksyon,

Pou dekouvri pawòl 2bon konprann yo,

Pou 3resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,

ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;

Pou 4avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.

Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li

e yon 5nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,

Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk 6devinèt yo. 7

Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;

sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.

Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

e 8pa abandone leson a manman ou yo;

Anverite, yo fè yon 9kouwòn byen bèl sou tèt ou,

ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.

Fis mwen an, si pechè yo vin tante ou, 10pa dakò.

Si yo di: “Vini avèk nou, annou 11kouche yon pyèj pou san,

annou fè anbiskad pou inosan yo san koz;

Annou 12vale yo vivan tankou Sejou mò yo,

menm an antye tankou sila k ap desann nan fòs yo.

Nou va jwenn tout kalite byen presye,

nou va ranpli lakay nou ak piyaj.

Tire osò pa ou ansanm ak nou.

Nou tout va gen yon sèl bous”—

Fis mwen an, 13pa mache nan chemen avèk yo.

Anpeche pye ou antre sou wout yo,

Paske 14pye yo kouri jwenn mal,

e yo fè vit pou yo vèse san.

Anverite, se initil pou ouvri yon filè ak pen gaye

devan nenpòt kalite zwazo;

men yap kouche yon pyèj pou pwòp san pa yo. 15

Yo fè anbiskad pou pwòp lavi pa yo.

Se konsa tout chemen yo ye a pou

tout moun ki 16vin genyen pa mwayen vyolans.

Se pwòp lavi yo kap vin rache. 17

Sajès rele fò nan lari.

Li leve vwa li nan plas la.

Nan tèt lari ki gen zen yo, li kriye fò.

Nan antre pòtay lari yo,

li fè moun tande tout pawòl li yo:

“Jiskilè, O moun san bon konprann yo,

nou va renmen rete san konprann anyen?

Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e

moun san konprann yo rayi konesans?

Vire sou repwòch mwen an.

Gade byen, mwen 18va vide lespri m sou nou.

Mwen va fè nou konnen pawòl mwen yo.

Akoz mwen te rele nou e nou te refize;

mwen te 19lonje men m, e pèsòn pa t okipe sa,

men nou te neglije tout konsèy mwen yo,

e nou 20pa t vle tande repwòch mwen;

konsa, mwen menm anplis, va ri sou malè nou yo.

Mwen va moke nou lè 21gran laperèz la rive,

lè gran laperèz nou rive tankou tanpèt

e gwo dezas nou yo tankou 22toubiyon,

lè gwo pwoblèm ak soufrans rive sou nou.

Nan lè sa a, yo va rele m, men mwen p ap reponn.

Yo va 23chache mwen avèk dilijans, men yo p ap twouve m,

akoz yo te 24rayi konesans

e pa t chwazi gen lakrent SENYÈ a.

Yo te refize konsèy mwen.

Yo te rejte tout repwòch mwen yo.

Pou sa, yo va 25manje fwi a pwòp chemen yo,

e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo.

Paske 26 chemen kwochi a moun

san konprann yo va touye yo.

Kè kontan a sila ki plen foli va detwi yo.

Men sila ki koute mwen an

va viv ansekirite,

e li va rete alèz san pè malè.”

Source notes (26)
  1. Cross-reference I Wa 4:32
  2. Cross-reference Pwov 4:1
  3. Cross-reference Pwov 2:1
  4. Cross-reference Pwov 8:5-12
  5. Cross-reference Pwov 14:6
  6. Cross-reference Nonb 12:8
  7. Cross-reference Job 28:28
  8. Cross-reference Pwov 6:20
  9. Cross-reference Jen 41:42
  10. Cross-reference Jen 39:7-10
  11. Cross-reference Pwov 12:6
  12. Cross-reference Sòm 124:3
  13. Cross-reference Sòm 1:1
  14. Cross-reference Pwov 6:17-18
  15. Cross-reference Pwov 11:19
  16. Cross-reference Pwov 15:27
  17. Cross-reference Pwov 8:1-3
  18. Cross-reference És 32:15
  19. Cross-reference És 65:2
  20. Cross-reference Pwov 15:10
  21. Cross-reference Pwov 10:24
  22. Cross-reference Pwov 10:25
  23. Cross-reference Pwov 8:17
  24. Cross-reference Job 21:14
  25. Cross-reference Job 4:8
  26. Cross-reference Jr 2:19

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.