Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 2

Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,

e 1gade kòmandman mwen yo nan kè ou,

e 2fè zòrèy ou atantif a sajès;

e enkline zòrèy ou vè bon konprann,

wi, si ou leve vwa w pou sajès;

e leve vwa ou vè bon konprann;

si ou chache li kon ajan,

e fè rechèch dèyè li kon trezò 3ki kache;

nan lè sa a, ou va dekouvri 4lakrent SENYÈ a,

e dekouvri konesans Bondye a.

Paske, 5SENYÈ a bay sajès.

Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.

Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.

Li se 6boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,

K ap veye chemen lajistis yo,

e 7pwoteje chemen a fidèl Li yo.

Konsa, ou va dekouvri 8ladwati ak jistis,

e menm egalite avèk tout bon chemen yo.

Paske, sajès va antre nan kè ou,

e 9konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.

Bon konprann va 10pwoteje ou,

konesans va veye sou ou,

pou 11pwoteje ou kont chemen mal la,

kont lòm ki pale bagay pèvès yo.

Kont sila ki 12kite chemen ladwati yo

pou mache nan chemen fènwa yo;

ki 13pran plezi nan fè sa ki mal

e rejwi nan mechanste mal la.

Chemen a sila ki vin 14kwochi yo

e ki vin gaye kò yo nan tout sa yo fè.

Pou delivre ou soti nan men fanm etranje a,

soti nan men 15fanm adiltè ki flate ak pawòl li;

ki kite 16konpanyen jenès li a,

e ki bliye akò a Bondye li;

paske lakay li mennen a lanmò

e tras a pla pye li yo rive kote mò yo.

Pèsòn 17ki ale kote li menm, pa retounen ankò,

ni yo pa jwenn pa lavi.

Akoz sa a, ou va 18mache nan chemen a sila ki bon yo,

e swiv tras a moun ladwati yo.

Paske moun dwat yo va viv nan peyi a,

e 19sila ki san tò yo va rete ladann;

men mechan yo va koupe retire nèt de peyi a,

e moun trèt yo va 20dechouke de li.

Source notes (20)
  1. Cross-reference Pwov 3:1
  2. Cross-reference Pwov 22:17
  3. Cross-reference Job 3:21
  4. Cross-reference Pwov 1:7
  5. Cross-reference I Wa 3:12
  6. Cross-reference Sòm 84:11
  7. Cross-reference I Sam 2:9
  8. Cross-reference Pwov 8:20
  9. Cross-reference Pwov 22:18
  10. Cross-reference Pwov 4:6
  11. Cross-reference Pwov 28:26
  12. Cross-reference Pwov 21:16
  13. Cross-reference Pwov 10:23
  14. Cross-reference Sòm 125:5
  15. Cross-reference Pwov 23:27
  16. Cross-reference Mat 2:14-15
  17. Cross-reference Ekl 7:26
  18. Cross-reference Eb 6:12
  19. Cross-reference Pwov 28:10
  20. Cross-reference Det 28:63

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.