Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 3

Fis mwen an, 1pa bliye enstriksyon mwen an,

men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;

paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo

va vin ogmante sou ou.

Pa kite 2dousè ak verite kite ou.

Mare yo antoure kou ou.

Ekri yo sou tablo kè ou.

Konsa, ou va twouve favè avèk 3bon repitasyon

nan men Bondye a, ak moun. 4

Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

konsa Li va 5fè pa ou yo vin dwat. 6

Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

krent SENYÈ a e vire kite mal.

Li va sèvi kon yon 7gerizon pou kò ou,

ak rafrechisman a zo ou.

Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;

ak 8premye pati nan tout prodwi ou,

pou 9depo ou yo kab vin plen ak abondans,

e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf. 10

Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,

ni rayi repwòch Li,

Paske 11sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,

jis tankou yon papa konn korije

fis nan sila li pran plezi a. 12

A la beni nonm ki twouve sajès,

e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!

Paske 13avantaj li pi bon ke avantaj ajan,

e pwofi li pi bon ke lò fen.

Li 14pi presye pase bijou;

e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.

Lavi ki long va trouve nan men dwat li.

Nan men goch li se 15richès ak lonè. 16

Chemen li yo byen dous,

e tout pa li yo se lapè.

Li se yon 17pyebwa lavi a sila ki pran l yo,

e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.

SENYÈ a 18ak sajès te fonde latè a;

ak bon konprann Li te etabli syèl yo.

Ak konesans Li, 19fon yo te vin ouvri,

e syèl yo te vin degoute lawouze.

Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;

kenbe bon sajès ak bon konprann.

Konsa yo va 20lavi pou nanm ou

ak dekorasyon pou kou ou.

Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,

e pye ou p ap 21chape.

Lè ou 22kouche ou p ap pè;

kouche ou ak dòmi ou va byen dous.

Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,

ni atak a mechan an lè l vini.

Paske Bondye va konfyans ou,

e va 23veye pye ou pou l pa pran nan pyèj. 24

Pa refize fè byen a sila ki merite l yo,

si se nan kapasite ou pou fè l.

Pa di vwazen ou: “Ale e retounen pita”,

oswa “Demen, m ap bay ou”, lè l deja nan men w. 25

Pa kalkile mal kont vwazen ou

pandan l ap viv an sekirite akote ou.

Pa fè kont ak yon nonm san koz,

depi li pa konn fè ou tò. 26

Pinga ou gen anvi a yon nonm vyolan,

ni pa chwazi chemen li yo.

Moun pèvès se yon abominasyon a SENYÈ a;

men SENYÈ a 27vin toupre a sila yo ki dwat yo.

Malediksyon SENYÈ a sou kay mechan yo,

men Li 28beni abitasyon a moun dwat yo. 29

Li moke moun k ap moke,

men Li bay gras a sila ki aflije yo. 30

Saj yo va resevwa gran respè kon eritaj,

men moun plen foli yo va dezonore.

Source notes (30)
  1. Cross-reference Sòm 119:61
  2. Cross-reference II Sam 15:20
  3. Cross-reference Sòm 111:10
  4. Cross-reference Sòm 37:3-5
  5. Cross-reference És 45:13
  6. Cross-reference Wo 12:16
  7. Cross-reference Pwov 4:22
  8. Cross-reference Egz 23:19
  9. Cross-reference Det 28:8
  10. Cross-reference Job 5:17
  11. Cross-reference Rev 3:19
  12. Cross-reference Pwov 8:32-34
  13. Cross-reference Job 28:15-19
  14. Cross-reference Job 28:18
  15. Cross-reference Pwov 8:18
  16. Cross-reference Mat 11:29
  17. Cross-reference Jen 2:9
  18. Cross-reference Sòm 104:24
  19. Cross-reference Jen 7:11
  20. Cross-reference Det 32:47
  21. Cross-reference Sòm 91:12
  22. Cross-reference Job 11:9
  23. Cross-reference I Sam 2:9
  24. Cross-reference Wo 13:7
  25. Cross-reference Pwov 6:14
  26. Cross-reference Sòm 37:1
  27. Cross-reference Job 29:4
  28. Cross-reference Job 8:6
  29. Cross-reference Jc 4:6
  30. Cross-reference Dan 12:3

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.