Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 4

Tande, O fis yo, 1enstriksyon a yon papa,

e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,

Paske mwen bay ou bon konsèy; 2

pa abandone enstriksyon mwen.

Lè m te yon jenn timoun ak papa m,

byen jenn e 3sèl fis devan zye a manman m,

Alò, li te 4enstwi mwen e te di mwen:

“Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen;

kenbe lòd mwen yo pou ou viv.

Vin ranmase sajès! 5

Ranmase bon konprann!

Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.

Pa abandone li e li va pwoteje ou; 6

renmen li e li va veye sou ou.

Men sa ki kòmansman sajès la: 7

Ranmase sajès!

Epi avèk sa ou rasanble a,

chache bon konprann. 8

Mete valè li wo e li va fè ou leve;

li va bay ou onè si ou anbrase l.

Li va poze 9sou tèt ou yon kouwòn lagras;

li va prezante ou avèk yon kouwòn byen bèl.”

Tande, fis mwen an, 10vin dakò ak pawòl mwen yo,

e lane lavi ou yo va vin byen long.

Mwen te 11dirije ou nan chemen sajès la;

mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo.

Lè ou mache, pa ou yo p ap jennen;

epi si ou kouri, 12ou p ap glise tonbe. 13

Pran enstriksyon; pa lage menm.

Pwoteje li paske li se lavi ou. 14

Pa antre nan chemen mechan yo,

e pa avanse nan vwa malfektè yo.

Evite li, pa pase kote li;

vire kite li e ale byen lwen.

Paske, yo p ap kab dòmi si yo pa fè mal;

epi dòmi vin vòlè soti nan zye yo

si yo pa fè lòt glise tonbe.

Paske yo 15manje pen a malveyan yo

e bwè diven vyolans.

Men pa a moun dwat yo se tankou limyè granmmaten

ki 16 briye pi fò e pi fò jiskaske li vin fè jou nèt. 17

Chemen mechan yo tankou tenèb;

yo pa konnen sou kisa pou yo tonbe.

Fis mwen an, 18prete atansyon a pawòl mwen yo;

panche zòrèy ou vè diskou mwen yo.

Pa kite yo vin disparèt devan zye ou; 19

kenbe yo nan fon kè ou.

Paske yo se 20lavi a sila ki jwenn yo,

ak lasante a tout kò yo.

Veye sou kè ou ak tout dilijans;

paske 21de li, sous lavi yo koule.

Mete lwen de ou yon bouch manti

e 22mete tout pawòl foub byen lwen ou.

Kite zye ou gade tou dwat devan

e kite vizyon ou konsantre devan nèt. 23

Veye wout pye ou konn pran

e tout chemen ou yo va byen etabli. 24

Pa vire ni adwat ni agoch;

fè pye ou vire kite mal.

Source notes (24)
  1. Cross-reference Sòm 34:11
  2. Cross-reference Sòm 89:30
  3. Cross-reference Za 12:10
  4. Cross-reference Ef 6:4
  5. Cross-reference Pwov 16:16
  6. Cross-reference II Tim 2:10
  7. Cross-reference Pwov 23:23
  8. Cross-reference I Sam 2:30
  9. Cross-reference Pwov 1:9
  10. Cross-reference Pwov 2:1
  11. Cross-reference I Sam 12:23
  12. Cross-reference Sòm 91:11
  13. Cross-reference Pwov 3:18
  14. Cross-reference Sòm 1:1
  15. Cross-reference Pwov 13:2
  16. Cross-reference Dan 12:3
  17. Cross-reference Job 18:5-6
  18. Cross-reference Pwov 5:1
  19. Cross-reference Pwov 7:1-2
  20. Cross-reference Pwov 3:22
  21. Cross-reference Mat 12:34
  22. Cross-reference Pwov 19:1
  23. Cross-reference Pwov 5:21
  24. Cross-reference Det 5:32

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.