Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 5

Fis mwen an, fè atansyon a sajès mwen, 1

apiye zòrèy ou vè bon konprann mwen;

pou ou kab kenbe sajès

e pou 2lèv ou ka konsève konesans.

Paske lèv a fanm adiltè a degoute siwo,

e pale li 3pi dous pase lwil;

men a lafen, li vin anmè pase kou fyèl,

epi file kon yon nepe ki koupe de bò.

Pye li yo 4desann vè lanmò

e pa li yo kenbe fèm nan chemen Sejou mò yo.

Li pa reflechi sou pa lavi a;

vwa li yo pa stab; 5li pa rekonèt bagay sa a.

Alò, fis mwen yo, koute mwen,

e 6pa bliye pawòl a bouch mwen yo.

Kenbe wout ou byen lwen li, e

pa pwoche toupre 7pòt lakay li.

Oswa ou va bay fòs ou a lòt yo

ak ane ou yo a mechan an.

Konsa, etranje yo va ranpli ak fòs ou,

e byen yo ke ou te ranmase ak swè ou,

va rive lakay a yon etranje.

Epi ou va plenyen nan gòj

lè dènye moman lavi ou rive,

lè chè ou ak kò ou fin manje nèt.

Ou va di: “Ki jan mwen te 8rayi enstriksyon!

Ak “Ki jan kè m te rayi repwòch!

Mwen pa t koute vwa a sa yo kap enstwi m yo,

ni mwen pa t panche zòrèy mwen vè 9mèt mwen yo.

Mwen te prèt pou fini nèt nan mitan asanble a ak kongregasyon an.”

Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.

Èske 10sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje,

kon vwa dlo k ap kouri nan lari yo?

Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.

Kite fontèn dlo ou a rete beni,

e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.

Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,

kite tete li yo satisfè ou tout tan.

Rete debòde nèt ak lanmou li.

Paske poukisa fis mwen an,

ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,

e anbrase lestonmak a yon 11etranje?

Paske chemen a yon nonm se devan zye a SENYÈ a,

e Li 12veye tout pa li yo. 13

Pwòp inikite a mechan an va kaptire li.

Li va kole nan kòd a pwòp peche pa li.

Li va 14mouri akoz mank enstriksyon,

e nan grandè foli li, li va vin egare.

Source notes (14)
  1. Cross-reference Pwov 22:17
  2. Cross-reference Mal 2:7
  3. Cross-reference Sòm 55:21
  4. Cross-reference Pwov 7:27
  5. Cross-reference Pwov 30:20
  6. Cross-reference Sòm 119:102
  7. Cross-reference Pwov 9:14
  8. Cross-reference Pwov 1:7-29
  9. Cross-reference Pwov 1:8
  10. Cross-reference Pwov 5:18
  11. Cross-reference Pwov 2:16
  12. Cross-reference Pwov 4:26
  13. Cross-reference Nonb 32:23
  14. Cross-reference Job 4:21

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.