Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 6

Fis mwen an, si ou devni 1garanti dèt pou vwazen ou,

ou te fè pwomès pou yon lòt ki pa pa w.

Ou te tonbe nan pèlen akoz pawòl a bouch ou,

ou te kenbe menm, akoz pawòl bouch ou yo.

Alò fè sa, fis mwen an, pou delivre tèt ou.

Akoz ou te vin antre nan men a vwazen ou an,

ale desann pou jennen vwazen ou an.

Pa kite 2dòmi tonbe nan zye ou,

ni somèy rive sou pòpyè zye ou.

Chape tèt ou kon yon antilòp nan men a chasè,

oswa 3zwazo a nan pèlen moun lachas la.

Ale kote 4foumi, o parese.

Veye abitid li yo e vin saj!

Li menm, 5 san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,

konn prepare manje li 6nan gran sezon an

e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.

Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese?

Se kilè ou va leve soti nan dòmi? 7

Yon ti dòmi, yon ti somèy,

yon ti pliye men ou yo pou repoze; 8

mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,

e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.

Yon sanzave, yon moun mechan

se sila ki mache ak yon 9bouch pèvès,

ki 10bat zye li, ki fè siy ak pye li,

ki pwente ak dwèt li;

ki avèk pèvèsite nan kè l

fè tout tan sa ki mal,

ki 11gaye konfli.

Pou sa, 12malè li va parèt sibitman;

nan yon enstan li va kase nèt;

e li p ap gen gerizon ditou.

Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;

wi sèt menm ki abominab devan l:

Zye ògeye, 13yon lang k ap bay manti,

avèk men ki vèse san inosan,

Yon kè ki divize plan mechan yo, 14

pye ki kouri vit pou jwenn mal,

Yon 15fo temwen ki bay manti,

ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo. 16

Fis mwen an, swiv lòd a papa ou

e pa abandone enstriksyon manman ou. 17

Mare yo tout tan sou kè ou;

mare yo nan kou ou.

Lè ou 18mache toupatou, yo va gide ou.

Lè ou dòmi, yo va veye sou ou.

Epi lè ou leve, yo va pale avèk ou.

Paske 19kòmandman an se yon lanp,

e enstriksyon li se limyè.

Konsa, repwòch ki disipline a se chemen lavi a

pou 20anpeche ou rive nan fanm movèz vi a,

a lang glise de fanm adiltè a. 21

Pa dezire bote li nan kè ou,

ni kite li kapte ou avèk pòpyè zye li.

Paske akoz yon pwostitiye,

yon gason redwi a yon mòso pen.

Yon fanm adiltè fè lachas lavi presye.

Èske yon nonm kab mete dife poze antre janm li yo

pou rad li pa brile?

Oswa èske yon nonm kab mache sou chabon limen,

san ke pye l pa brile?

Se konsa li ye ak yon nonm ki 22

antre nan madanm vwazen li.

Nenpòt moun ki manyen l p ap sòti san pinisyon.

Pèsòn pa meprize yon vòlè

k ap vòlè pou l kab 23satisfè grangou.

Men si pa aza, li jwenn li, l ap oblije 24

repeye li sèt fwa.

Lap oblije bay tout sa li posede lakay li.

Sila ki fè adiltè ak yon fanm manke sajès;

nonm nan ki fè sa a, 25 detwi pwòp nanm li.

L ap twouve blesi ak gwo wont,

e repwòch li p ap efase menm.

Paske 26jalouzi fè laraj nan yon nonm;

li p ap fè gras nan jou vanjans lan.

Li p ap dakò dedonmaje ak ranson,

ni li p ap satisfè malgre ou fè li anpil kado.

Source notes (26)
  1. Cross-reference Pwov 11:15
  2. Cross-reference Sòm 132:4
  3. Cross-reference Sòm 91:3
  4. Cross-reference Pwov 30:24-25
  5. Cross-reference Pwov 30:27
  6. Cross-reference Pwov 10:5
  7. Cross-reference Pwov 24:33
  8. Cross-reference Pwov 24:34
  9. Cross-reference Pwov 4:24
  10. Cross-reference Job 15:12
  11. Cross-reference Pwov 6:19
  12. Cross-reference Pwov 24:22
  13. Cross-reference Sòm 31:18
  14. Cross-reference Pwov 1:16
  15. Cross-reference Sòm 27:1
  16. Cross-reference Ef 6:1
  17. Cross-reference Pwov 3:3
  18. Cross-reference Pwov 3:23
  19. Cross-reference Sòm 19:8
  20. Cross-reference Pwov 5:3
  21. Cross-reference Mat 5:28
  22. Cross-reference Éz 18:6
  23. Cross-reference Job 38:39
  24. Cross-reference Egz 22:1-4
  25. Cross-reference Pwov 7:22-23
  26. Cross-reference Pwov 27:4

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.