Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 7

Fis mwen an, 1kenbe pawòl mwen yo

e kache kòmandman mwen yo anndan ou.

Kenbe kòmandman mwen yo pou viv,

ak enstriksyon mwen yo 2

kon de grenn zye nan tèt ou.

Mare yo sou dwèt ou; 3

ekri yo sou tablo a kè ou.

Di a sajès: “Se ou ki sè mwen,”

e rele sajès pi bon zanmi ou,

Pou li kab anpeche ou ale

jwenn ak yon fanm adiltè;

yon fanm etranje a ki fè flate ak pawòl li.

Paske bò fenèt lakay mwen,

mwen te gade 4nan fant fenèt mwen an.

Konsa, mwen te wè pami moun 5sòt yo,

e te rekonèt pami jenn yo,

yon jennonm ki te manke bon sans;

ki t ap pase nan lari a toupre

kwen kay fanm nan.

Konsa, li pran chemen pou rive 6lakay li,

nan solèy kouche a, nan aswè,

nan mitan lannwit ak nan fènwa.

Epi gade, yon fanm vin pwoche li 7

abiye kon pwostitiye ak riz nan kè l.

Li parèt plen kouraj nan rebelyon li. 8

Pye li pa rete lakay li.

Koulye a nan lari yo, koulye a nan plas yo,

l ap 9kache tann nan tout kwen.

Konsa, li sezi li, bo li;

e ak 10figi byen ranje, li di li:

“Mwen te prèt pou ale fè ofrann lapè yo.

Se jodi a, mwen 11fin peye ve mwen yo.

Konsa, mwen te vin rankontre ou,

pou jwenn prezans ou;

e konsa, mwen te twouve ou.

Mwen byen ranje kabann mwen ak kouvèti;

avèk bèl 12dra Égypte yo.

Mwen te flite kabann nan ak pafen

flè jasmen, lwil womaren ak 13kanèl.

Vini, annou bwè ladann

e fè lanmou jis rive nan maten.

Annou fè kè nou kontan ak doudous nou yo.

Paske mari m pa lakay la;

li ale nan yon gran vwayaj.

Li te pran yon sak lajan avè l.

Jis rive nan plèn lin, l ap retounen lakay.”

Ak anpil ankourajman, li atire li;

avèk 14lèv a flatè, li sedwi li.

Sibitman, li swiv li tankou

yon bèf k ap monte labatwa,

tankou moun sòt

k ab mache rive nan ne koulan an.

Jiskaske yon flèch frennen li nan fwa l;

tankou yon 15zwazo k ap fè vit pou rive nan pèlen.

Se konsa, li pa konnen ke sa va koute lavi li.

Alò, pou sa, fis yo, 16koute mwen

e okipe pawòl a bouch mwen yo.

Pa kite kè ou 17vire akote nan chemen li yo!

Pa vin antre egare nan wout li yo!

Paske, anpil se viktim ke li deja jete anba yo;

e 18anpil se sila ki te mouri akoz li. 19

Lakay li nan wout Sejou mò yo,

k ap desann nan chanm lanmò yo.

Source notes (19)
  1. Cross-reference Pwov 2:1
  2. Cross-reference Det 32:10
  3. Cross-reference Pwov 3:3
  4. Cross-reference Pwov 6:32
  5. Cross-reference Pwov 1:22
  6. Cross-reference Pwov 7:27
  7. Cross-reference Jen 38:14-15
  8. Cross-reference I Tim 5:13
  9. Cross-reference Pwov 23:28
  10. Cross-reference Pwov 21:29
  11. Cross-reference Lev 7:16
  12. Cross-reference És 19:9
  13. Cross-reference Egz 30:23
  14. Cross-reference Pwov 5:3
  15. Cross-reference Ekl 9:12
  16. Cross-reference Pwov 5:7
  17. Cross-reference Pwov 5:8
  18. Cross-reference Pwov 9:18
  19. Cross-reference Pwov 2:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.