Bib Sen An
Pwovèb Yo 8
Èske 1sajès pa rele?
Èske bon konprann pa leve vwa li?
Anlè 2wotè akote chemen yo, akote kafou wout yo;
la li pran pozisyon li.
Akote 3pòtay yo, nan ouvèti vil la,
nan antre pòtay yo, li kriye fò:
Vè nou menm, O mesye yo, mwen rele!
Konsa, vwa m se pou fis a lòm yo.
O moun ensanse yo, vin aprann pridans! 4
Moun fou yo, vin konprann sajès!
Koute mwen, paske mwen va pale gwo bagay.
Lè lèv mwen louvri, 5y ap devwale bagay ki kòrèk.
Paske 6bouch mwen va eksprime verite;
epi mechanste vin abominab a lèv mwen.
Tout pawòl a bouch mwen yo dwat;
nanpwen anyen 7kwochi oswa pèvès ladann yo.
Yo byen dwat pou sila ki konprann nan,
e kòrèk pou sila ki 8jwenn konesans lan.
Pran 9konsèy mwen olye ajan,
e konesans olye pi chwa nan lò pi.
Paske, sajès 10pi bon ke bijou;
epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.
Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann.
Konsa, mwen fè jwenn 11konesans ak bon sans. 12
Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,
ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pèvès. 13
Konsèy ak bon sajès se pou mwen.
Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.
Akoz mwen, 14wa yo vin renye;
e gouvènè yo fè dekrè lajistis.
Akoz mwen, prens ak nòb yo pran pouvwa;
tout moun ki fè jijman ki bon yo.
Mwen renmen sila ki renmen m yo. 15
Sila ki chache mwen ak dilijans yo va jwenn mwen. 16
Richès ak lonè avè m;
richès k ap dire ak ladwati.
Fwi mwen 17pi bon ke lò, menm lò pi.
Rannman mwen pi bon ke pi bèl ajan an.
Mwen mache nan ladwati,
nan mitan wout lajistis yo,
Pou m bay a sila ki renmen m, richès;
pou m kab 18ranpli kès yo.
SENYÈ a te posede m 19nan kòmansman travay pa Li;
menm avan zèv ansyen Li yo.
Depi nan etènite, mwen te etabli,
depi nan kòmansman, 20depi nan tan pi ansyen mond lan.
Lè potko gen 21pwofondè, mwen te fèt,
lè pa t gen sous ki t ap bonbade dlo yo. 22
Avan mòn yo te poze, avan kolin yo,
mwen te fèt;
pandan li potko fè tè a ak chan yo,
ni premye grenn pousyè mond lan.
Lè Li te etabli syèl yo, mwen te la,
lè 23Li te trase yon sèk won fas a pwofondè a,
lè Li te fè syèl yo anwo vin fèm,
lè sous nan fon yo te vin etabli,
lè Li te mete lizyè sou lanmè a pou dlo pa t vyole lòd Li,
lè Li te make tras 24fondasyon tè a;
Nan tan sa a, mwen te akote Li,
yon mèt ouvriye; epi, mwen te fè L plezi tout lajounen
e te rejwi devan L tout tan,
Mwen t ap Rejwi nan mond Li a,
e fè 25kè kontan nan fis a lòm yo.
“Alò, pou sa, fis yo, 26koute mwen;
paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo. 27
Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l. 28
Beni se moun ki koute mwen an,
k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo,
k ap veye kote poto pòt kay mwen an.
Paske sila ki twouve mwen an, jwenn lavi
e resevwa lonè devan SENYÈ a.
Men sila ki peche kont mwen an, fè pwòp tèt li mal;
tout sila ki rayi mwen yo, 29renmen lanmò.”
Source notes (29)
- Cross-reference Pwov 1:20-21
- Cross-reference Pwov 9:3-14
- Cross-reference Job 29:7
- Cross-reference Pwov 1:22-32
- Cross-reference Pwov 23:16
- Cross-reference Sòm 37:30
- Cross-reference Det 32:5
- Cross-reference Pwov 3:13
- Cross-reference Pwov 3:14-15
- Cross-reference Job 28:15-18
- Cross-reference Pwov 1:4
- Cross-reference Pwov 3:7
- Cross-reference Pwov 1:25
- Cross-reference II Kwo 1:10
- Cross-reference Pwov 2:4-5
- Cross-reference Pwov 3:16
- Cross-reference Job 28:15
- Cross-reference Pwov 24:4
- Cross-reference Job 28:26-28
- Cross-reference Jn 17:5
- Cross-reference Jen 1:2
- Cross-reference Job 15:7
- Cross-reference Job 26:10
- Cross-reference Job 38:6
- Cross-reference Sòm 16:3
- Cross-reference Pwov 5:7
- Cross-reference Pwov 4:1
- Cross-reference Pwov 3:13-18
- Cross-reference Pwov 21:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.