Bib Sen An
Pwovèb Yo 9
Sajès 1bati kay li a;
li taye sèt gwo pilye li yo.
Li te 2prepare manje li,
li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.
Li 3voye demwazèl li yo deyò,
li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:
“Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!”
Pou sila ki 4manke bon konprann nan, li di:
“Vin 5manje manje mwen an,
e bwè diven ke m te melanje a.
Kite foli ou pou ou ka viv;
epi 6avanse nan chemen bon konprann nan.”
Sila ki 7korije yon mokè resevwa dezonè pou pwòp tèt li,
e sila ki repwoche yon nonm mechan
va resevwa ofans sou tèt li.
Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou; 8
repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.
Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,
enstwi yon nonm dwat e li va 9ogmante konesans li. 10
Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
Paske 11pa mwen, jou ou yo va miltipliye,
e ane yo ap ogmante sou lavi ou.
Si ou saj, ou saj 12pou pwòp tèt ou;
e si ou moke, ou pote sa a pou kont ou.
Fanm sòt 13pale byen fò ak gwo vwa;
li bèt, e li pa konnen anyen.
Li chita devan pòtay lakay li,
sou yon chèz akote 14wo plas vil yo.
Li rele sila ki pase yo,
ki ap fè chemen yo dwat yo: 15
Sila ki pa konnen anyen an,
kite li antre isit la.
Pou sila ki manke konprann nan, li di:
“Dlo yo vòlè dous
e 16pen ki manje an sekrè byen agreyab.”
Men mesye a pa konnen ke se la mò yo ye a.
Vizitè li yo la.
Yo nan fon Sejou mò yo.
Source notes (16)
- Cross-reference Kol 3:9-10
- Cross-reference Mat 22:4
- Cross-reference Sòm 68:11
- Cross-reference Pwov 6:32
- Cross-reference Kan 5:1
- Cross-reference Éz 11:20
- Cross-reference Pwov 23:9
- Cross-reference Sòm 141:5
- Cross-reference Pwov 1:5
- Cross-reference Job 28:28
- Cross-reference Pwov 3:16
- Cross-reference Job 22:2
- Cross-reference Pwov 7:11
- Cross-reference Pwov 9:3
- Cross-reference Pwov 9:4
- Cross-reference Pwov 20:17
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.