Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 10

Pwovèb a Salomon yo.

Yon fis ki saj fè papa li kontan,

men yon fis ki plen ak foli

se yon gwo doulè pou manman l. 1

Richès ranmase pa mechanste pa reyisi,

men ladwati delivre soti nan lanmò.

SENYÈ a p ap kite moun ladwati yo grangou,

men l ap rejte lanvi mechan an.

Malere se sila ki travay ak men lach;

men lamen moun dilijan an, anrichi.

Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an,

se yon fis ki aji ak sajès;

men sila ki dòmi nan lè rekòlt la,

fè gwo wont.

Benediksyon se sou tèt a moun dwat la;

men 2bouch mechan an kache vyolans.

Memwa a moun dwat la beni;

men 3non mechan an vin pouri. 4

Saj nan kè yo va resevwa lòd chèf la;

men yon moun fou ki pale anpil ap pèdi.

Sila ki mache ak entegrite a, mache an sekirite;

men sila 5ki fè wout kwochi a va vin dekouvri.

Sila 6ki bat zye a, koze pwoblèm,

e moun fou a ki pale anpil, fè dega. 7

Bouch a moun dwat se yon fontèn dlo lavi,

men bouch a mechan an kache vyolans.

Rayisman pwovoke konfli;

men lanmou kouvri tout fot.

Sou 8lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès;

men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.

Moun saj yo ranmase konesans;

men ak 9bouch moun fou a, destriksyon an toupre.

Byen a moun rich se yon sitadèl pou li. 10

Sa ki detwi malere a se mizè. 11

Salè a moun dwat se lavi;

revni a mechan an se pinisyon.

Sila ki swiv enstriksyon an, 12sou wout lavi;

men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.

Sila 13ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti;

e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.

Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite;

men 14sila ki frennen lèv li gen sajès.

Lang a moun dwat yo se tankou 15ajan pi chwazi a;

men kè a mechan an vo piti. 16

Lèv a moun dwat yo fè anpil moun manje;

men moun fou yo mouri akoz mank bon konprann.

Benediksyon SENYÈ a fè moun rich;

konsa li pa mele ak chagren.

Fè mal se tankou fè spò pou moun san konprann nan;

e se konsa sajès la ye pou moun entèlijan an.

Sa ke mechan an pè a, ap rive sou li;

men 17sa ke moun dwat la vle, va vin reyisi.

Lè toubiyon an fin pase, mechan an vin disparèt;

men moun dwat la gen yon fondasyon etènèl.

Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye;

se konsa 18parese a ye pou sila ki voye li yo. 19

Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi;

men lane mechan yo va kout.

Lespwa a moun dwat la se kè kontan;

men 20entansyon mechan an va peri.

Chemen Bondye a se yon sitadèl pou moun dwat yo;

men 21destriksyon nèt pou tout ouvriye inikite yo.

Moun ladwati a p ap janm souke;

men 22mechan yo p ap demere nan peyi a. 23

Bouch a moun dwat la koule ak sajès;

men lang pèvès la vin koupe.

Lèv a moun dwat yo fè parèt 24sa ki bon;

men bouch a mechan an, sa ki pèvèti.

Source notes (24)
  1. Cross-reference Sòm 49:7
  2. Cross-reference Pwov 10:11
  3. Cross-reference Sòm 9:5
  4. Cross-reference Pwov 9:8
  5. Cross-reference Pwov 26:6
  6. Cross-reference Sòm 35:19
  7. Cross-reference Sòm 37:30
  8. Cross-reference Pwov 10:31
  9. Cross-reference Pwov 10:8-10
  10. Cross-reference Pwov 19:7
  11. Cross-reference Pwov 11:18-19
  12. Cross-reference Pwov 6:23
  13. Cross-reference Pwov 26:24
  14. Cross-reference Pwov 17:27
  15. Cross-reference Pwov 8:19
  16. Cross-reference Pwov 10:11
  17. Cross-reference Sòm 145:19
  18. Cross-reference Pwov 26:6
  19. Cross-reference Pwov 3:2
  20. Cross-reference Job 8:13
  21. Cross-reference Pwov 21:15
  22. Cross-reference Pwov 2:22
  23. Cross-reference Sòm 37:30
  24. Cross-reference Ekl 12:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.