Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 11

Yon 1fo balans se abominasyon a SENYÈ a;

men yon pwa ki jis se plezi Li.

Lè 2ògèy vin monte, dezonè vin swiv;

men avèk moun enb lan, se sajès.

Entegrite a moun dwat la va gide yo;

men 3koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.

Richès pa gen avantaj nan jou jijman an;

men 4ladwati va delivre moun soti nan lanmò.

Ladwati a sila ki san tò a va fè wout li vin swa;

men mechan an va tonbe akoz pwòp inikite pa Li.

Ladwati a moun dwat yo va delivre yo;

men moun trèt yo 5va kenbe pa pwòp vorasite yo.

Lè yon nonm mechan mouri, 6

sa li anvizaje a mouri avè l.

Moun dwat la va delivre soti nan twoub;

men mechan an va pran plas li.

Avèk bouch li, moun san Bondye a detwi vwazen li;

men ak konesans, moun dwat yo va delivre.

Lè sa 7ale byen ak moun dwat yo, vil la fè rejwisans;

e lè mechan yo peri, gen gwo kri lajwa.

Avèk benediksyon a moun dwat yo, yon vil vin leve wo;

men avèk bouch a mechan yo, li vin chire nèt.

Sila ki meprize vwazen li an, manke bon tèt;

men yon nonm ak bon konprann pa pale menm.

Sila ki mache toupatou tankou rapòte, revele sekrè yo;

men sila ki dign de konfyans sere yon bagay.

Kote ki pa gen 8gid, moun yo tonbe;

men ak anpil konseye, gen viktwa.

Sila ki se 9garanti pou yon moun li pa konnen,

va vrèman soufri pou sa a;

men sila ki rayi vin yon garanti va asire.

Yon 10fanm ak gras twouve onè;

e mesye san prensip yo twouve richès.

Yon nonm ki fè 11gras fè byen pou pwòp tèt li;

men yon nonm mechan fè tèt li mal.

Mechan an ranmase salè li nan koken;

men sila ki 12simen ladwati a, va twouve vre rekonpans lan.

Sila ki fidèl nan ladwati a va jwenn lavi,

e sila ki pouswiv mal la va jwenn pwòp lanmò pa li.

Sila ki pèvès nan kè yo abominab a SENYÈ a;

men sila ki san tò nan chemen yo, se 13plezi Li.

Anverite, moun mechan an p ap chape anba pinisyon;

men desandan a moun dwat yo va delivre.

Tankou yon bag fèt an lò nan nen a kochon,

se konsa yon bèl fanm ki manke bon sans.

Dezi a moun dwat la se sèlman sa ki bon;

men 14dezi a mechan an mennen jijman.

Gen yon moun ki separe bay; malgre sa li vin ogmante plis.

Genyen ki refize bay sa ke li dwe, e sa fè l vin manke.

Sila 15ki bay ak bon kè a va pwospere;

sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.

Sila ki refize bay manje sereyal la, 16va modi pa pèp la;

men benediksyon va tonbe sou sila ki vann li an.

Sila ki chache sa ki bon an, chache favè Bondye;

men 17sila ki chache mal la,

se mal la k ap vin jwenn li.

Sila ki 18mete konfyans nan richès li va vin tonbe;

men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.

Sila ki mennen twoub lakay li va eritye van;

e san konprann nan va vin sèvitè a sila ki gen kè saj la.

Fwi ladwati a se yon pyebwa lavi,

e 19sila ki saj yo va sove nanm yo.

Si 20moun dwat yo twouve rekonpans yo sou latè,

konbyen anplis pou mechan an avèk pechè a!

Source notes (20)
  1. Cross-reference Lev 19:35-36
  2. Cross-reference Pwov 16:18
  3. Cross-reference Pwov 19:3
  4. Cross-reference Jen 7:1
  5. Cross-reference Sòm 7:15-16
  6. Cross-reference Pwov 10:28
  7. Cross-reference Pwov 28:12
  8. Cross-reference Pwov 15:22
  9. Cross-reference Pwov 6:1
  10. Cross-reference Pwov 31:28-30
  11. Cross-reference Mat 5:7
  12. Cross-reference Os 10:12
  13. Cross-reference I Kwo 29:17
  14. Cross-reference Pwov 10:28
  15. Cross-reference Pwov 3:9-10
  16. Cross-reference Pwov 24:24
  17. Cross-reference Est 7:10
  18. Cross-reference Sòm 49:6
  19. Cross-reference Pwov 14:25
  20. Cross-reference II Sam 22:21-25

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.