Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 12

Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans,

men sila ki rayi korije a, se bèt.

Yon 1bon moun va jwenn favè SENYÈ a;

men Bondye va kondane sila ki fè manèv mechanste a.

Yon nonm p ap etabli ak mal la;

men rasin 2moun dwat la p ap sòti menm.

Yon bon madanm se kouwòn a mari li;

men sila ki fè l wont lan se tankou 3pouriti nan zo li.

Panse a moun dwat yo jis;

men konsèy a mechan yo se desepsyon.

Pawòl a mechan yo kouche tann pyèj pou vèse san;

men 4bouch moun dwat yo va delivre yo.

Mechan yo va boulvèse e vin disparèt;

men kay a moun dwat yo va kanpe.

Yon nonm ap twouve glwa selon entèlijans li;

men sila ak panse pèvès la va meprize.

Meyè se sila ki enkoni an, men ki gen sèvitè,

pase sila ki onore pwòp tèt li e ki manke pen an.

Yon nonm ladwati gen respè pou lavi a bèt li;

men konpasyon a mechan an se mechanste.

Sila 5ki raboure tè li a va gen anpil pen;

men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.

Moun mechan an vle pran piyaj a mechan yo;

men rasin ladwati yo 6va donnen fwi li.

Yon moun mechan pyeje pa transgresyon lèv li;

men moun dwat la va evite pwoblèm.

Yon nonm va satisfè avèk sa ki bon kon fwi a pawòl li,

e zèv lamen a yon nonm va retounen kote li.

Chemen a yon moun fou bon nan zye li;

men yon nonm saj koute konsèy.

Lè yon moun fou vekse, ou konnen sa vit;

men sila ki saj la evite wont.

Sila ki pale verite a pale sa ki dwat;

men yon fo temwen twonpe.

Genyen yon moun ki pale san pridans

tankou sila k ap goumen ak nepe yo;

men lang a saj la pote gerizon.

Lèv verite yo va etabli pou tout tan;

men 7lang ki bay manti a rete pou yon moman.

Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo;

men konseye lapè yo gen jwa. 8

Nanpwen mal ki rive moun dwat yo;

men mechan yo plen ak twoub. 9

Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;

men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.

Yon moun 10pridan kache sa li konnen;

men kè moun san konprann pale jis nan foli.

Men a dilijan yo va kòmande;

men parese a va 11fè kòve.

Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann;

men yon 12bon pawòl fè l leve.

Moun ladwati a se yon gid a vwazen li;

men chemen a mechan fè yo egare.

Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li,

men pi presye nan sa yon nonm 13posede se dilijans. 14

Nan chemen ladwati se lavi;

e nan wout li nanpwen lanmò.

Source notes (14)
  1. Cross-reference Pwov 3:4
  2. Cross-reference Pwov 10:25
  3. Cross-reference Pwov 14:30
  4. Cross-reference Pwov 14:3
  5. Cross-reference Pwov 28:19
  6. Cross-reference Pwov 11:30
  7. Cross-reference Sòm 52:4-5
  8. Cross-reference Sòm 91:10
  9. Cross-reference Rev 22:15
  10. Cross-reference Pwov 10:14
  11. Cross-reference Jen 49:15
  12. Cross-reference És 50:4
  13. Cross-reference Pwov 10:4
  14. Cross-reference Det 30:15

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.