Bib Sen An
Pwovèb Yo 13
Yon 1fis ki saj aksepte disiplin a papa l,
men yon mokè pa koute repwòch.
Fwi pawòl la ki soti nan bouch moun se rejwisans de sa ki bon;
men volonte moun enfidèl se vyolans.
Sila ki 2kontwole bouch li, konsève lavi li;
sila ki ouvri lèv li byen laj va detwi nèt.
Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn;
men nanm a moun dilijan an vin gra.
Yon nonm dwat 3rayi sa ki fo;
men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.
Ladwati se 4yon pwotèj pou sila ki san fot la;
men mechanste fè pechè a vin souye nèt.
Genyen moun ki pretann yo rich, men yo pa gen anyen;
yon lòt pretann li 5malere men li gen gwo richès.
Ranson pou lavi a yon nonm rich se richès li;
men malere a pa tande menas.
Limyè a moun dwat la se rejwisans;
men 6lanp a mechan an va etenn.
Ògèy pa pote anyen sof ke konfli;
men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.
Richès ki sòti nan manti koule ale;
men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.
Lespwa jennen fè kè a malad;
men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.
Sila ki 7meprize lenstriksyon va peye fwè a;
men sila ki respekte lòd yo va resevwa rekonpans li.
Lenstriksyon a saj yo se yon 8fontèn dlo lavi
pou detounen pèlen lanmò a. 9
Bon konprann pwodwi favè;
men chemen moun ki pa fidèl la di.
Tout moun ki 10pridan aji ak konesans;
men yon moun san konprann parèt ak foli li.
Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite;
men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon
Mizè ak wont se pou sila ki 11manke disiplin nan;
men sila ki konsidere repwòch la va onore.
Yon dezi ki reyalize se dous a nanm nan,
men moun bèt pa vle kite mechanste. 12
Sila ki mache ak moun saj va vin saj;
men bon zanmi a moun ensanse a va soufri.
Se malè ki kouri dèyè pechè yo;
men moun dwat yo va pwospere.
Yon bon moun va 13lese eritaj pou pitit pitit li;
men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.
Gen 14anpil manje nan tè malere a;
men li fin bale nèt akoz enjistis.
Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;
men sila ki renmen l va ba li 15disiplin ak dilijans.
Moun dwat la gen kont pou satisfè dezi li;
men vant 16mechan an toujou gen bezwen.
Source notes (16)
- Cross-reference Pwov 10:1
- Cross-reference Pwov 18:21
- Cross-reference Kol 3:9
- Cross-reference Pwov 11:3
- Cross-reference Luc 12:33
- Cross-reference Job 18:5
- Cross-reference Nonb 15:31
- Cross-reference Sòm 10:11
- Cross-reference Sòm 111:10
- Cross-reference Pwov 12:23
- Cross-reference Pwov 15:5-32
- Cross-reference Pwov 2:20
- Cross-reference Esd 9:12
- Cross-reference Pwov 12:11
- Cross-reference Det 8:5
- Cross-reference Pwov 13:18
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.