Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 14

1

Fanm saj la bati kay li,

men fanm ensanse a demoli li ak pwòp men li.

Sila ki mache nan ladwati a gen lakrent SENYÈ a;

men sila ki fè chemen 2kwochi a meprize li.

Nan bouch a moun sòt la, se yon baton pou do li;

men 3lèv a saj yo va pwoteje yo.

Kote nanpwen bèf, manjwa a pwòp;

men se fòs a bèf la ki fè richès.

Yon 4temwen fidèl p ap bay manti;

men yon fo temwen pale manti.

Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen;

men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.

Kite 5prezans a yon moun ensanse,

sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.

Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li;

men 6betiz a moun ensanse a se desepsyon.

Moun ensanse kontwole peche kon jwèt;

men 7pami moun dwat yo, gen bòn volonte.

Kè a konnen pwòp 8amètim ak bonè li;

men ak lòt, sa p ap pataje. 9

Lakay mechan yo va detwi;

men tant a moun dwat la va fleri.

Gen yon chemen ki sanble bon pou lòm;

men 10fen li se chemen lanmò an.

Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè,

e 11lajwa kon fini nan tristès.

Kè a ki pa fidèl va 12jwen rekonpans pou pwòp chemen li;

men yon bon moun va rekonpanse pou sa li fè a.

Moun san konprann kwè nan tout bagay;

men yon nonm k ap reflechi veye pa li yo.

Yon nonm saj fè atansyon pou l 13vire kite mal;

men yon moun fou plen ògèy; li pa pè anyen.

Yon nonm kolerik aji nan foli,

e yon nonm koken va rayi pa lòt yo.

Moun san konprann yo gen foli kon eritaj;

men moun rezonab lan kouwone ak konesans. 14

Mal la va bese devan sa ki bon an;

e mechan an devan pòtay a moun dwat la. 15

Malere a vin rayi menm pa vwazen li;

men moun gwo kòb gen anpil zanmi.

Sila ki meprize vwazen li fè peche;

men 16sila ki fè gras a malere a, beni.

Èske sila ki 17fòmante mechanste a, pa egare?

Men ladousè avèk verite se pou sa yo ki fè sa ki bon.

Nan tout travay gen pwofi;

men pale anpil mennen nan povrete. 18

Kouwòn saj yo se richès yo;

men betiz moun ensanse se foli yo.

Yon vre temwen sove lavi a moun;

men sila ki 19pale manti pase moun nan betiz.

Nan 20lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans;

e pitit li yo va jwenn sekou.

Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi,

pou moun ka evite pèlen lanmò yo.

Nan fòs kantite a pèp yo se glwa a yon wa,

men afè prens ki manke moun gate nèt.

Sila ki 21lan nan kòlè a, gen gwo konprann;

men sila ki fè fache vit, leve foli byen wo.

Yon kè trankil se lavi pou kò a;

men pasyon fè tout zo yo 22pouri.

Sila ki oprime malere a ap vekse Kreyatè li;

men sila ki gen bonte anvè pòv la, onore L.

Mechan an jete anba pa malfezans li;

men moun ladwati a gen sekou lè l mouri.

Sajès se nan kè a sila ki gen bon konprann nan;

menm moun ensanse yo, nan kè, yo konnen.

Ladwati leve yon nasyon;

men peche se yon gwo wont pou yon pèp.

Favè a wa a se anvè 23sèvitè ki aji ak sajès;

men kòlè li se anvè sila ki fè gwo wont.

Source notes (23)
  1. Cross-reference Rt 4:11
  2. Cross-reference Pwov 2:15
  3. Cross-reference Pwov 12:6
  4. Cross-reference Rev 1:5
  5. Cross-reference Pwov 23:9
  6. Cross-reference I Kor 3:19
  7. Cross-reference Pwov 3:34
  8. Cross-reference I Sam 1:10
  9. Cross-reference Job 8:15
  10. Cross-reference Wo 6:21
  11. Cross-reference Ekl 2:1-2
  12. Cross-reference Pwov 1:31
  13. Cross-reference Job 28:28
  14. Cross-reference I Sam 2:36
  15. Cross-reference Pwov 19:7
  16. Cross-reference Sòm 41:1
  17. Cross-reference Sòm 36:4
  18. Cross-reference Pwov 10:22
  19. Cross-reference Pwov 14:5
  20. Cross-reference Pwov 18:10
  21. Cross-reference Pwov 16:32
  22. Cross-reference Pwov 12:4
  23. Cross-reference Mat 24:45-47

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.