Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 15

Yon repons ki dous kalme kòlè;

men yon 1mo sevè pwovoke gwo fache. 2

Lang a saj la gen pou mèt, konesans;

men bouch a sila ki manke konprann nan eksprime foli.

Zye a SENYÈ a tout kote;

L ap veye sa ki bon ak sa ki mal.

Yon lang ki kalme se yon pyebwa lavi;

men si l gen desepsyon, l ap kraze lespri.

Yon moun ensanse refize disiplin a papa l;

men sila ki aksepte repwòch gen sajès.

Gran richès twouve nan kay a moun dwat yo;

men gwo twoub se salè a mechan an.

Lèv a moun saj yo gaye konesans;

men se pa konsa ak kè moun ensansib yo.

Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a;

men 3lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.

Chemen mechan an abominab a SENYÈ a;

men Li renmen sila ki 4chache ladwati a.

Pinisyon byen di ap tann sila ki abandone chemen an;

sila ki rayi korije a va mouri.

Sejou mò yo ak labim nan parèt devan zye SENYÈ a;

konbyen, anplis, pou 5kè a lòm! 6

Sila ki moke a pa renmen sila ki fè l repwòch la;

li pa janm ale kote moun saj.

Kè ki gen lajwa fè figi moun rejwi;

men lè kè a tris, 7lespri a vin brize. 8

Lespri a moun entèlijan an chache konesans;

men bouch a moun sòt la, manje foli.

Tout jou aflije yo move;

men yon kè kontan se yon fèt ki pa janm sispann.

Pi bon se piti ak lakrent SENYÈ a,

pase gwo richès ak gwo twoub ladann.

Pi bon se yon plato legim avèk lanmou,

pase yon bèf gra ak rayisman.

Yon nonm ki kolerik pwovoke konfli;

men sila ki lan nan kòlè a kalme yon kont.

Wout a parese a se tankou yon ran pikan;

men pa a moun dwat la se yon gran chemen.

Yon 9fis ki saj fè papa l kontan;

men yon gason ensanse meprize manman l.

Foli se gwo plezi pou sila ki manke bon konprann nan;

men yon nonm ak bon konprann 10mache dwat.

San konsèy, plan yo vin jennen;

men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.

Yon nonm jwenn kè kontan nan yon repons ki jis,

e a la bèl yon mo livre nan pwòp lè li bèl!

Wout lavi a mennen moun saj la anwo,

pou l kab evite Sejou mò k ap tann li anba a.

SENYÈ a va demoli kay moun ògeye a;

men L ap etabli lizyè vèv la.

Plan mechan yo abominab a SENYÈ a;

men pawòl agreyab yo san tach.

Sila ki fè pwofi ak movèz fwa a, twouble pwòp lakay li;

men sila ki rayi afè anba tab la, va viv.

Kè a moun dwat la 11reflechi anpil pou bay repons;

men bouch a mechan an fè anpil move bagay vin parèt.

SENYÈ a lwen mechan an;

men Li 12tande lapriyè a moun dwat yo.

Zye klè fè kè kontan;

bòn nouvèl konn mete grès sou zo.

Zòrèy k ap koute repwòch ap viv;

zòrèy ki koute koreksyon ap alèz pami saj yo.

Sila ki neglije disiplin meprize pwòp tèt li;

men sila ki 13koute repwòch ranmase bon konprann.

Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès;

avan onè, fòk imilite.

Source notes (13)
  1. Cross-reference I Sam 25:10-13
  2. Cross-reference Pwov 15:7
  3. Cross-reference Pwov 15:29
  4. Cross-reference I Tim 6:11
  5. Cross-reference I Sam 16:7
  6. Cross-reference Pwov 13:1
  7. Cross-reference Pwov 17:22
  8. Cross-reference Pwov 18:15
  9. Cross-reference Pwov 10:1
  10. Cross-reference Pwov 14:8
  11. Cross-reference I Pi 3:15
  12. Cross-reference Sòm 145:18-19
  13. Cross-reference Pwov 15:5

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.