Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Pwovèb Yo 16

1

Plan kè a sòti nan lòm;

men repons a lang lan sòti nan SENYÈ a.

Tout chemen a yon nonm pwòp nan zye pa li;

men SENYÈ a peze sa k nan kè l. 2

Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a,

e plan ou yo va etabli.

SENYÈ a te fè tout bagay pou pwòp sèvis li;

menm 3mechan yo pou jou jijman an.

Tout sila ki gen kè ògèy, abominab a SENYÈ a;

anverite, li p ap chape anba pinisyon.

Pa 4lanmou dous avèk verite, inikite lave;

e pa lakrent SENYÈ a moun chape anba mal.

Lè chemen a yon nonm fè SENYÈ a kontan, 5

l ap fè menm lènmi li yo vin anpè avè l.

Pi bon se piti ak ladwati

pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.

Panse a lòm fè plan pou wout li;

men 6SENYÈ a dirije pa li yo.

Se desizyon diven ki nan lèv a wa a;

bouch li pa dwe fè erè nan jijman.

Yon balans ki jis apatyen a Bondye;

li veye sou tout pwa nan sak yo.

Se abominab pou wa yo komèt zak mechan,

paske yon 7twòn etabli sou ladwati.

Lèv ki dwat se plezi a wa yo;

e sila ki pale dwat, vin renmen.

Kòlè a yon wa se tankou mesaje lanmò;

men yon nonm saj va kalme li.

Nan vizaj a yon wa briye lavi;

e favè li se tankou yon nwaj avèk lapli prentan.

A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò!

Pito nou jwenn bon konprann pase ajan. 8

Gran chemen a moun dwat la se pou kite mal;

sila ki veye chemen li an prezève lavi li.

Ògèy ale devan destriksyon

e yon lespri ògèy devan moun kap tonbe.

Li pi bon pou rete 9enb nan lespri avèk sila ki ba yo,

pase divize piyaj ak moun ògeye yo.

Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon;

beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a. 10

Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann;

e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.

Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l;

men pou disipline moun ensanse yo se foli. 11

Kè moun saj la enstwi bouch li;

li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li. 12

Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl;

dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo. 13

Gen wout ki parèt bon a yon nonm;

men fen li se lanmò.

Apeti a yon ouvriye fè byen pou li;

paske se grangou ki ankouraje l.

Yon 14sanzave fòmante mechanste;

pawòl li yo brile tankou dife wouj.

Yon nonm pèvès gaye konfli,

e yon nonm k ap bay kout lang ap separe bon zanmi yo.

Yon nonm vyolan 15ap tante vwazen li

pou l mennen li nan move chemen.

Sila kap bay zye dou, fè l pou l kab mennen bagay pèvès;

sila ki fèmen sere lèv li, fè mal la rive.

Yon 16tèt blanch se yon kouwòn laglwa;

li jwenn nan chemen ladwati a.

Sila ki lan nan kòlè a pi bon pase pwisan yo;

e sila ki gouvène lespri li a pi bon pase sila k ap kaptire yon gran vil.

Tiraj osò fèt nan fon wòb;

men tout desizyon ki sòti, sòti nan SENYÈ a.

Source notes (16)
  1. Cross-reference Pwov 16:9
  2. Cross-reference Sòm 37:5
  3. Cross-reference Wo 9:22
  4. Cross-reference Dan 4:27
  5. Cross-reference Jen 33:4
  6. Cross-reference Sòm 37:23
  7. Cross-reference Pwov 25:5
  8. Cross-reference És 35:8
  9. Cross-reference Pwov 3:34
  10. Cross-reference Os 14:9
  11. Cross-reference Sòm 37:30
  12. Cross-reference Sòm 19:10
  13. Cross-reference Pwov 12:15
  14. Cross-reference Pwov 6:12-18
  15. Cross-reference Pwov 1:10
  16. Cross-reference Pwov 20:29

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.