Bib Sen An
Sòm Yo 149
Louwe SENYÈ a!
Chante a SENYÈ a yon chan tounèf,
avèk lwanj Li 1nan asanble fidèl Li yo.
Kite Israël fè kè kontan nan Kreyatè li a.
Kite fis a Sion yo rejwi nan 2Wa yo a.
Kite yo louwe non Li avèk dans!
Kite yo chante lwanj a Li
avèk 3tanbouren ak gita.
Paske SENYÈ a pran plezi nan pèp Li a.
Li va 4anbeli enb yo avèk sali Li.
Kite fidèl yo leve wo nan glwa.
Kite yo chante ak lajwa sou kabann yo.
Ke 5 gwo lwanj a Bondye yo kapab nan bouch yo,
ak yon nepe file de bò nan men yo,
pou 6fè vanjans sou nasyon yo,
avèk pinisyon sou lòt pèp yo;
pou mare wa yo ak chenn,
ak 7moun pwisan yo nan gwo chenn an fè,
pou 8egzekite sou yo jijman ki te ekri a.
Sa se lonè de tout fidèl Li yo.
Louwe SENYÈ a!
Source notes (8)
- Cross-reference Sòm 35:18
- Cross-reference Jij 8:23
- Cross-reference Egz 15:20
- Cross-reference Sòm 132:16
- Cross-reference Sòm 66:17
- Cross-reference Éz 25:17
- Cross-reference Na 3:10
- Cross-reference Det 7:12
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.