Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 148

1

Louwe SENYÈ a!

Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo!

Louwe Li kote ki wo yo!

Louwe Li, tout zanj Li yo.

Louwe Li 2tout lame Li yo!

Louwe Li, solèy ak lalin nan.

Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!

Louwe Li, pi wo syèl yo,

ak 3dlo ki anwo syèl yo.

Kite yo louwe non SENYÈ a,

paske 4Li te pase lòd, e sa te fèt.

Anplis, Li te etabli yo jis pou tout tan.

Li te pase yon 5dekrè ki p ap janm disparèt.

Louwe SENYÈ a soti sou latè, 6

gwo bèt voras lanmè a ak tout fon an.

Dife ak lagrèl, lanèj ak nwaj,

van tanpèt ki 7akonpli pawòl Li yo.

Mòn yo ak tout kolin yo, 8

pye fwi yo ak tout pye sèd yo,

Bèt sovaj yo ak tout bèt chan yo,

sa ki 9trennen atè ak bèt ki vole yo, 10

wa latè yo ak tout pèp yo,

prens yo ak tout jij latè yo,

ni jennonm, ni vyèj,

granmoun ak timoun.

Kite yo louwe non SENYÈ a,

paske se sèl non Li ki leve wo. 11

Glwa Li pi wo tè a ak syèl la.

Li te leve yon kòn pou pèp Li a,

Lwanj pou tout fidèl Li yo,

menm pou fis Israël yo, yon pèp toupre Li.

Louwe SENYÈ a.

Source notes (11)
  1. Cross-reference Sòm 69:34
  2. Cross-reference Sòm 103:20-21
  3. Cross-reference Jen 1:7
  4. Cross-reference Jen 1:1
  5. Cross-reference Job 38:33
  6. Cross-reference Jen 1:21
  7. Cross-reference Job 37:12
  8. Cross-reference És 55:12
  9. Cross-reference Os 2:18
  10. Cross-reference Sòm 102:15
  11. Cross-reference És 12:4

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.