Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 147

Louwe SENYÈ a!

Paske li bon pou chante lwanj a Bondye nou an.

Paske se agreyab epi lwanj Li se 1dous.

SENYÈ a ap ranfòse Jérusalem.

Li 2ranmase egzile Israël yo.

Li geri sila ak 3kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.

Li konte fòs kantite zetwal yo.

Li 4bay non a yo tout.

Gran se SENYÈ nou an e Li ranpli ak fòs. 5

Bon konprann Li an san limit nèt.

SENYÈ a bay 6soutyen a aflije yo.

Li fè mechan yo bese desann jis rive atè. 7

Chante a SENYÈ a ak remèsiman.

Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,

ki kouvri syèl la ak nwaj yo,

ki 8founi lapli pou tè a,

ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.

Li bay bèt la manje li,

ak 9jenn kòbo k ap kriye yo.

Li pa pran plezi nan fòs cheval la.

Li 10pa pran plezi nan janm a moun.

SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo, 11

sila ki tann lanmou dous Li yo.

Louwe SENYÈ a, O Jérusalem!

Louwe Bondye ou a, O Sion!

Paske Li te fòtifye ba fè nan pòtay ou yo;

Li te 12 beni fis ou yo anndan w.

Li 13fè lapè anndan lizyè ou yo.

Li satisfè ou ak meyè kalite ble.

Li voye lòd Li sou latè. 14

Pawòl Li kouri byen vit.

Li bay lanèj kon lenn.

Li gaye 15lawouze glase kon sann.

Li jete voye glas Li kon ti mòso.

Se kilès ki kab kanpe devan 16fredi Li a?

Li voye pawòl Li pou fonn yo.

Li fè 17van Li soufle e dlo yo koule.

Li 18deklare pawòl Li yo a Jacob,

règleman Li yo ak òdonans Li yo a Israël.

Li 19pa t aji konsa avèk okenn lòt nasyon.

Selon òdonans Li yo, yo pa konnen yo.

Louwe SENYÈ a!

Source notes (19)
  1. Cross-reference Sòm 33:1
  2. Cross-reference Det 30:3
  3. Cross-reference Sòm 34:8
  4. Cross-reference És 40:26
  5. Cross-reference És 40:28
  6. Cross-reference Sòm 37:24
  7. Cross-reference Sòm 33:2
  8. Cross-reference Job 5:10
  9. Cross-reference Job 38:41
  10. Cross-reference I Sam 16:7
  11. Cross-reference Sòm 33:18
  12. Cross-reference Sòm 37:26
  13. Cross-reference Sòm 29:11
  14. Cross-reference Sòm 104:4
  15. Cross-reference Job 38:29
  16. Cross-reference Job 37:9
  17. Cross-reference Sòm 107:25
  18. Cross-reference Det 33:3-4
  19. Cross-reference Det 4:7-34

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.