Bib Sen An
Sòm Yo 146
Beni SENYÈ a! 1
Beni SENYÈ a, O nanm mwen!
Mwen va beni SENYÈ a 2pandan mwen ap viv.
Mwen va chante lwanj a Bondye pa mwen an
pandan mwen sou latè a. 3
Pa mete konfyans nan prens yo.
Nan lòm mòtèl, nan sila nanpwen Sali a. 4
Lespri li pa rete; li retounen nan tè a.
Nan menm jou sa a, panse li yo vin peri.
A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni,
sila ki 5mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,
Ki te fè syèl la avèk tè a, 6
lanmè ak tout sa ki ladann.
Ki fidèl jis pou tout tan.
Ki 7egzekite jistis pou oprime yo.
Ki bay manje a moun grangou yo.
SENYÈ a mete prizonye yo an libète.
SENYÈ a 8ouvri zye a avèg yo.
SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo.
SENYÈ a renmen moun ladwati yo.
SENYÈ a 9pwoteje etranje yo.
Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la,
men Li jennen wout mechan an.
SENYÈ a va renye jis pou tout tan,
Bondye pa Ou a, O Sion, jis pou tout jenerasyon yo.
Louwe SENYÈ a!
Source notes (9)
- Cross-reference Sòm 103:1
- Cross-reference Sòm 63:4
- Cross-reference Sòm 118:9
- Cross-reference Ekl 12:7
- Cross-reference Sòm 71:5
- Cross-reference Trav 14:15
- Cross-reference Sòm 103:6
- Cross-reference Mat 9:30
- Cross-reference Egz 22:21
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.