Bib Sen An
Sòm Yo 145
Yon chan lwanj pa David
Mwen va 1leve Ou wo,
O Bondye mwen, O Wa a.
Mwen va beni non Ou pou tout tan e pou tout tan.
Chak jou, mwen va beni Ou e mwen
va louwe non Ou pou tout tan e pou tout tan.
Gran se SENYÈ a, dign de lwanj. 2
Grandè Li pa kab fin sonde menm.
Yon 3jenerasyon va louwe zèv Ou yo jis rive nan yon lòt.
Yo va pwoklame zèv pwisan Ou yo.
Sou bèlte e glwa a majeste Ou
avèk 4zèv mèvèy Ou yo,
mwen va reflechi tout tan.
Lèzòm va pale sou pouvwa a 5zèv mèvèy Ou yo
e mwen va pale jan Ou gran.
Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou.
Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.
SENYÈ a 6plen gras avèk mizerikòd,
lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.
SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li
lonje rive sou tout zèv Li yo. 7
Tout zèv Ou yo va di Ou:
“Mèsi O SENYÈ,”
e fidèl Ou yo va beni Ou.
Yo va pale 8glwa a wayòm Ou an, e
pale sou zafè pouvwa Ou yo;
Pou 9fè rekonèt a fis a lòm yo,
zèv pwisan Ou yo avèk glwa ak
majeste a wayòm Ou an.
Wayòm Ou an se yon 10wayòm etènèl
e règn Ou an dire pou tout jenerasyon yo.
SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe.
Li 11leve wo tout sila ki vin pwostène yo.
Zye a tout moun genyen espwa sou Ou.
Ou 12bay yo manje yo nan lè yo.
Ou 13ouvri men Ou pou satisfè dezi
a tout sila k ap viv yo.
Senyè a 14dwat nan tout chemen Li yo, e
ranpli ak bonte nan tout zèv Li yo.
SENYÈ a toupre tout sila ki rele Li yo,
tout sila ki rele li15 ak verite yo.
Li va 16ranpli dezi a sila ki gen lakrent Li yo.
Anplis Li va tande kri yo e Li va sove yo.
SENYÈ a kenbe tout sila ki renmen Li yo,
men 17mechan yo, Li va detwi
Bouch mwen va pale lwanj SENYÈ a,
e 18tout chè va beni sen non Li an jis pou
tout tan e pou tout tan.
Source notes (18)
- Cross-reference Sòm 30:1
- Cross-reference Job 5:9
- Cross-reference Sòm 22:30-31
- Cross-reference Sòm 119:27
- Cross-reference Det 10:21
- Cross-reference Egz 34:6
- Cross-reference Sòm 19:1
- Cross-reference Jr 14:21
- Cross-reference Jr 14:21
- Cross-reference Sòm 10:16
- Cross-reference Sòm 146:8
- Cross-reference Sòm 104:27
- Cross-reference Sòm 104:28
- Cross-reference Sòm 116:5
- Cross-reference Jn 4:24
- Cross-reference Sòm 21:2
- Cross-reference Sòm 9:5
- Cross-reference Sòm 65:2
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.