Bib Sen An
Sòm Yo 144
Yon Sòm David
Beni se SENYÈ a, wòch mwen an,
ki 1enstwi men m pou fè lagè,
ak dwèt mwen pou batay.
Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an, 2
Fòterès mwen ak liberatè mwen an,
Boukliye mwen an nan sila mwen kache a,
Ki soumèt pèp mwen an anba m.
O SENYÈ, 3se kisa lòm nan ye pou Ou panse a li?
Oswa fis a lòm nan pou Ou panse a Li? 4
Lòm se tankou yon sèl souf.
Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase.
Bese syèl Ou yo, O SENYÈ e desann.
Touche mòn yo pou yo kab fè lafimen.
Fè parèt 5eklè pou gaye yo.
Voye flèch Ou pou mete yo nan konfizyon.
Lonje men Ou soti anwo.
Fè m sekou!
Delivre m sòti nan gwo dlo yo,
nan men 6etranje yo ak
bouch kap pale manti yo e 7men
dwat a sila ki se men dwat a manti yo.
Mwen va chante yon 8chan tounèf a Ou menm, O Bondye;
Sou ap dis kòd yo, mwen va chante lwanj a Ou menm,
Ki konn sove wa yo, ki fè David, sèvitè Li a, 9
chape de nepe lanmò a.
Fè m sekou e delivre m de men a 10etranje yo,
Bouch a sila ki pale desepsyon yo,
e men dwat a sila ki men dwat a manti yo.
Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi,
e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta anbeli yon palè wayal.
Kite 11depo nou yo toujou plen, nan bay tout kalite pwodwi.
Kite twoupo nou yo pwodwi dè milye e dè di milye nan chan nou yo.
Kite bèf nou yo ka pote gwo chaj.
Pou nou pa gen kase kay, ni kouri kite, e
nanpwen moun k ap 12rele “anmwey” nan lari nou yo.
A la beni pèp ki ranje konsa beni!
A la 13beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.
Source notes (13)
- Cross-reference II Sam 22:35
- Cross-reference Sòm 59:9
- Cross-reference Sòm 8:4
- Cross-reference Sòm 39:11
- Cross-reference Sòm 18:14
- Cross-reference Sòm 18:44
- Cross-reference Jen 14:22
- Cross-reference Sòm 33:3
- Cross-reference II Sam 18:7
- Cross-reference Sòm 18:44
- Cross-reference Pwov 3:9-10
- Cross-reference És 24:11
- Cross-reference Sòm 33:12
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.