Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 143

Yon Sòm David

Tande lapriyè mwen, O SENYÈ.

Prete zòrèy Ou a siplikasyon mwen yo.

Nan fidelite Ou, reponn mwen, ak 1ladwati Ou!

Konsa, pa antre nan jijman avèk sèvitè Ou a, 2

paske nan zye Ou, nanpwen moun vivan ki jis.

Paske lènmi an te pèsekite nanm mwen.

Li fin kraze lavi m jis rive atè.

Li 3te fè m rete kote fènwa, tankou sila ki mouri lontan yo.

Pou sa, lespri m kraze nèt anndan m.

Kè m 4nan gwo twoub anndan m.

Mwen sonje ansyen jou yo.

Mwen reflechi tout tan sou tout sa Ou te fè.

Mwen panse sou zèv men Ou yo.

Mwen lonje men m vè Ou menm. 5

Nanm mwen fè gwo anvi pou Ou, kon yon peyi deseche.

Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli; 6

Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.

Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten,

paske mwen mete konfyans mwen nan Ou.

Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a,

paske se a Ou ke mwen 7leve nanm mwen. 8

Delivre mwen, O SENYÈ, de lènmi mwen yo.

Mwen kache nan Ou.

Enstwi mwen pou fè volonte Ou,

paske se Ou menm ki Bondye mwen.

Lespri Ou bon.

Kondwi mwen sou tèren ladwati a. 9

Pou koz a non Ou, O SENYÈ, fè m reprann fòs mwen.

Nan ladwati Ou, mennen nanm mwen sòti nan gwo twoub la.

Epi nan lanmou dous Ou a, fè lennmi m yo koupe retire nèt. 10

Detwi tout sila ki aflije nanm mwen yo,

paske mwen se sèvitè Ou.

Source notes (10)
  1. Cross-reference Sòm 71:2
  2. Cross-reference Job 14:3
  3. Cross-reference Sòm 88:6
  4. Cross-reference Lam 3:11
  5. Cross-reference Sòm 42:2
  6. Cross-reference Sòm 27:9
  7. Cross-reference Sòm 86:4
  8. Cross-reference Sòm 31:15
  9. Cross-reference Sòm 25:11
  10. Cross-reference Sòm 54:5

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.