Bib Sen An
Sòm Yo 142
Yon Sòm Refleksyon pa David lè l te nan kav la. Yon lapriyè
Mwen kriye fò avèk vwa mwen vè SENYÈ a.
Ak vwa m, mwen 1fè siplikasyon a SENYÈ a pou m mande L mizerikòd.
Mwen vide plent mwen yo devan L.
Mwen deklare 2pwoblèm mwen yo devan L.
Lè 3lespri m te fin bat anndan m,
Ou te konnen chemen mwen.
Nan wout kote m mache a, yo te sere yon pyèj pou mwen.
Gade adwat pou wè. Nanpwen moun ki veye pou mwen.
Nanpwen moun ki pou fè m chape.
Nanpwen moun ki pou pran swen m.
Mwen te kriye a Ou menm, O SENYÈ.
Mwen te di “Se Ou menm ki 4sekou mwen,
pòsyon mwen nan peyi moun vivan yo.”
“Prete atansyon a kri mwen yo, paske mwen vin desann ba nèt.
Delivre mwen nan men pèsekitè mwen yo,
Mennen nanm mwen sòti nan prizon,
pou m kab bay remèsiman a non Ou.
Moun ladwati mwen yo va antoure mwen,
paske Ou va aji nan bonte Ou anvè mwen.”
Source notes (6)
- Cross-reference Sòm 30:8
- Cross-reference Sòm 77:2
- Cross-reference Sòm 77:3
- Cross-reference Sòm 91:2-9
- Cross-reference Sòm 18:17
- Cross-reference Sòm 143:11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.