Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 141

Yon Sòm David

1

O SENYÈ, mwen rele non Ou.

Fè vit! Vin kote m!

Prete zòrèy Ou a vwa mwen lè m rele Ou!

Ke lapriyè mwen kapab konte kon lansan devan Ou;

lè m 2leve men m, kon sakrifis ofrann aswè a.

Plase yon gadyen sou bouch mwen, O SENYÈ.

Veye dri sou 3pòt lèv mwen yo.

Pa mennen kè m vè okenn mal,

pou pratike zèv mechan yo, avèk moun ki 4fè inikite yo.

Ni pa kite mwen manje manje ki fèt pa yo.

Kite moun 5ladwati yo frape mwen.

Konsa, li dous.

Kite li korije mwen.

L ap tankou lwil ki koule sou tèt la.

Pa kite tèt mwen refize li,

paske lapriyè mwen toujou kont zak mechan yo.

Jij pa yo 6 fin jete a tè bò kote wòch yo.

Yo va tande pawòl mwen yo, paske yo byen pale.

Tankou lè yon moun laboure pou fann tè a,

se konsa zo nou yo fin gaye nan 7bouch sejou mò a.

Paske zye mwen se sou Ou, O BONDYE, Senyè a.

Nan Ou, mwen kache.

Pa kite nanm mwen san pwotèj.

Sove m de dan pyèj ke yo te prepare pou mwen yo,

avèk 8pèlen a sila ki fè inikite yo.

Kite mechan yo 9tonbe nan pwòp filè yo,

pandan mwen pase akote.

Source notes (9)
  1. Cross-reference Sòm 22:19
  2. Cross-reference I Tim 2:8
  3. Cross-reference Mi 7:5
  4. Cross-reference És 32:6
  5. Cross-reference Pwov 9:8
  6. Cross-reference II Kwo 25:12
  7. Cross-reference Nonb 16:32-33
  8. Cross-reference Sòm 140:5
  9. Cross-reference Sòm 7:15

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.