Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 140

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

1

Delivre m, O SENYÈ, de moun mechan yo.

Delivre m de moun vyolan yo:

k ap 2 fè manèv mechan nan kè yo.

Tout tan, y ap fè pwovokasyon pou fè lagè.

Yo file lang yo tankou koulèv. 3

Pwazon a sèpan mòtèl la anba lèv yo. Tan

Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo.

Pwoteje m de moun vyolan ki te 4fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.

Ògeye yo fin ranje yon pèlen pou mwen.

Avèk kòd, yo te ouvri yon pèlen bò wout la.

Yo fin plase yon 5pyèj pou mwen. Tan

Mwen te di a SENYÈ a: “Se Ou ki Bondye mwen.”

Bay zòrèy, O SENYÈ, a vwa a siplikasyon mwen yo.

O BONDYE Senyè a, fòs a sali mwen an,

Ou te 6kouvri tèt mwen nan jou batay la.

Pa akonpli, O SENYÈ, dezi a mechan an.

Pa pèmèt manèv mechan li yo, pou l pa vin leve wo. Tan

Epi pou chèf an tèt a sila ki antoure mwen yo,

pou 7malveyans a pwòp lèv yo kapab vin kouvri yo.

Kite 8chabon tou limen vin tonbe sou yo.

Kite yo jete nan dife,

nan fòs fon kote yo p ap kab leve sòti.

Sila ki bay kout lang yo pap vin etabli sou latè. 9

Mal la va kouri vit dèyè moun vyolans lan.

Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo,

e fè 10jistis pou malere a.

Anverite, moun dwat yo va bay remèsiman a non Ou.

Epi moun dwat yo va abite nan prezans Ou.

Source notes (10)
  1. Cross-reference Sòm 17:13
  2. Cross-reference Sòm 7:14
  3. Cross-reference Sòm 58:4
  4. Cross-reference Sòm 36:11
  5. Cross-reference Sòm 141:9
  6. Cross-reference Sòm 144:10
  7. Cross-reference Sòm 7:16
  8. Cross-reference Sòm 11:6
  9. Cross-reference Sòm 24:2-10
  10. Cross-reference Sòm 12:5

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.