Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 139

Pou direktè koral la; Yon Sòm David

O SENYÈ, Ou te 1sonde mwen e te konnen mwen.

Ou konnen lè m chita ak lè m leve.

Ou konprann panse mwen yo de lwen.

Ou konn 2egzamine chemen mwen fè avèk

kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.

Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,

Men gade, O SENYÈ, Ou 3konnen tout li menm.

Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e

Ou te 4poze men Ou sou mwen. 5

Konesans konsa twò mèvèye pou mwen.

Li twò wo.

Mwen pa kab rive kote l. 6

Kibò mwen kab ale kite lespri Ou?

Oswa kibò mwen kab sove ale pou m ta kite prezans Ou? 7

Si mwen monte nan syèl la, Ou la.

Si m fè kabann mwen nan sejou mò yo, men vwala, Ou la.

Si mwen pran zèl nan maten,

si m ta rete nan pati lanmè pi lwen an,

menm la, se men Ou k ap 8mennen mwen,

e se men dwat Ou k ap kenbe m.

Si mwen di: “Anverite, 9tenèb la va kouvri mwen,

e limyè ki antoure mwen an va vin fènwa,”

menm tenèb la pa tenèb pou Ou,

e fènwa a klere menm jan ak lajounen. 10

Tenèb ak limyè se menm pou Ou menm.

Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

Ou te 11tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

paske mwen fèt yon fason mèvèye.

Zèv Ou yo 12depase bon konprann

e nanm mwen byen konnen sa. 13

Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.

Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

Epi nan liv 14Ou a, te deja ekri tout jou ki te

òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

Anplis, SENYÈ, a la presye se 15panse Ou yo pou mwen!

A la gran, yo gran anpil!

Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab.

Lè m 16leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.

O ke Ou ta 17touye mechan yo, O Bondye.

Soti sou mwen, O moun ki vèse san.

Paske yo 18pale kont Ou ak mechanste,

e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.

Èske m pa 19rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ?

Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?

Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt.

Yo devni lènmi m.

Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.

Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.

Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e

mennen mwen nan chemen etènèl la.

Source notes (19)
  1. Cross-reference Sòm 17:3
  2. Cross-reference Job 14:16
  3. Cross-reference Eb 4:13
  4. Cross-reference Job 9:33
  5. Cross-reference Wo 11:33
  6. Cross-reference Jr 23:24
  7. Cross-reference Am 9:2-4
  8. Cross-reference Sòm 23:2-3
  9. Cross-reference Job 22:13
  10. Cross-reference I Jn 1:5
  11. Cross-reference Job 10:11
  12. Cross-reference Sòm 40:5
  13. Cross-reference Job 10:8-10
  14. Cross-reference Sòm 56:8
  15. Cross-reference Sòm 40:5
  16. Cross-reference Sòm 3:5
  17. Cross-reference És 11:4
  18. Cross-reference Jd 15
  19. Cross-reference II Kwo 19:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.