Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 138

Yon Sòm David

1

Mwen va bay Ou remèsiman avèk tout kè m.

Mwen va chante lwanj a Ou devan lòt dye yo.

Mwen va pwostène mwen 2vè sen tanp Ou a,

e bay remèsiman a non Ou pou lanmou dous Ou ak verite Ou a;

Paske Ou te bay glwa a Non ak Pawòl Ou plis ke tout bagay.

Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.

Ou te fè m plen ak kouraj ak 3fòs nan nanm mwen. 4

Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ,

lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.

Wi, yo va chante sou chemen SENYÈ a,

paske 5gran se glwa SENYÈ a.

Paske malgre SENYÈ a egzalte,

Li toujou okipe sila ki ba yo.

Men moun ki 6ògeye yo,

Li rekonèt yo de lwen.

Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub,

Ou va fè m 7reprann mwen.

Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo.

Men dwat Ou va sove mwen.

SENYÈ a va akonpli sa ki konsène mwen an.

Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, se pou tout tan.

Pa abandone zèv men Ou yo.

Source notes (7)
  1. Cross-reference Sòm 111:1
  2. Cross-reference I Wa 8:29
  3. Cross-reference Sòm 28:7
  4. Cross-reference Sòm 72:11
  5. Cross-reference Sòm 21:5
  6. Cross-reference Sòm 40:4
  7. Cross-reference Éz 9:8-9

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.