Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 137

Bò rivyè a Babylone yo, se la nou te chita.

Nou te 1kriye, lè nou te sonje Sion.

Sou pye 2sikrèn nan mitan li an, nou te pandye ap nou yo.

Paske la, ravisè nou yo te mande nou chante pou yo,

e 3bouwo nou yo ak gwo kè kontan, t ap di:

“Chante pou nou youn nan chanson Sion yo.”

Kijan pou nou ta chante 4chan SENYÈ a nan yon peyi etranje?

Si mwen 5ta bliye ou, O Jérusalem, kite men

dwat mwen bliye kapasite li.

Ke lang mwen kole rèd anlè bouch mwen,

Si m pa ta sonje ou, si m pa ta 6leve Jérusalem wo,

pi wo ke pi gwo plezi m yo.

Sonje, O SENYÈ, kont fis a Édom yo, jou a Jérusalem nan,

ke yo te di: “Raze l nèt!

Raze l 7jis rive nan fondasyon li.”

O fi a Babylone nan, Ou menm ki te 8devaste nou an,

A la beni sila ki rekonpanse ou ak menm

rekonpans ke ou te rekonpanse nou an va beni!

A la beni sila ki sezi pitit ou yo,

e ki 9kraze yo nan wòch la va beni!

Source notes (9)
  1. Cross-reference Né 1:4
  2. Cross-reference Lev 23:40
  3. Cross-reference És 49:17
  4. Cross-reference II Kwo 29:27
  5. Cross-reference És 65:11
  6. Cross-reference Né 2:3
  7. Cross-reference Sòm 74:7
  8. Cross-reference És 13:1-22
  9. Cross-reference II Wa 8:12

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.