Bib Sen An
Sòm Yo 136
Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Bay remèsiman a 2 Bondye anwo tout dye yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo,
paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;
A Sila 3sèl ki fè gwo mèvèy yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
A Sila ki ak gran kapasite te fè syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
a Sila ki te 4ranje tè a anwo dlo yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
a Sila ki te 5fè gran limyè yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 6
solèy ki pou domine lajounen an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
Lalin ak zetwal pou domine lannwit,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
A Sila ki te 7frape Ejipsyen yo nan premye ne yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
ki te 8mennen Israël fè l sòti nan mitan yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
Avèk yon men fò ak yon bra 9lonje nèt,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
a Sila ki te 10divize Lanmè Wouj fè de bò a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
ki te fè Israël pase nan mitan li,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
men 11Li te boulvèse Farawon ak lame li a nan Lanmè Wouj la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
a Sila ki te 12mennen pèp Li a nan dezè a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
a Sila ki te 13frape gran wa yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
ki te 14touye wa pwisan yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan; 15
Sihon, wa Amoreyen an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
ak 16Og, wa Basan an,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
e te 17bay peyi yo kon eritaj,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
menm yon eritaj a Israël, 18sèvitè Li a,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
ki te 19sonje nou nan eta imilyasyon nou yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
epi ki te 20delivre nou nan men advèsè nou yo,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan;
ki 21bay manje a tout chè,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Bay remèsiman a 22Bondye syèl la,
paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.
Source notes (22)
- Cross-reference I Kwo 16:34
- Cross-reference Det 10:17
- Cross-reference Det 6:22
- Cross-reference Jen 1:2-9
- Cross-reference Jen 1:14-18
- Cross-reference Jen 1:16
- Cross-reference Egz 12:29
- Cross-reference Egz 12:51
- Cross-reference Egz 6:1-6
- Cross-reference Egz 14:21
- Cross-reference Egz 14:27
- Cross-reference Egz 13:18
- Cross-reference Sòm 135:10-12
- Cross-reference Det 29:7
- Cross-reference Nonb 21:21-24
- Cross-reference Nonb 21:33-35
- Cross-reference Jos 12:1
- Cross-reference Sòm 105:6
- Cross-reference Sòm 9:12
- Cross-reference Jij 6:9
- Cross-reference Sòm 104:27
- Cross-reference Sòm 104:27
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.