Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Sòm Yo 135

1

Beni SENYÈ a!

Beni non SENYÈ a!

Beni Li, O sèvitè a SENYÈ yo,

nou menm ki kanpe lakay SENYÈ a,

nan 2lakou lakay SENYÈ nou an!

Beni SENYÈ a, paske 3SENYÈ a bon.

Chante lwanj a non Li, paske sa bèl.

Paske SENYÈ a te chwazi Jacob pou Li menm,

Israël pou pwòp 4posesyon pa Li.

Paske mwen konnen ke SENYÈ a gran,

e ke SENYÈ nou an 5pi wo ke tout dye yo. 6

Nenpòt sa ke SENYÈ a vle, Li fè l,

nan syèl la oswa sou tè a,

nan lanmè yo ak nan tout fon yo.

Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo.

Ki 7fè rive loray avèk lapli yo,

ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.

Li te 8frape premye ne Égypte yo,

ni lòm, ni bèt.

Li te voye 9sign ak mèvèy nan mitan nou, O Égypte,

sou Farawon avèk tout sèvitè Li yo.

Li te 10frape anpil nasyon,

e te detwi wa pwisan yo,

Sihon, wa Amoreyen yo, Og,

wa Basan ak tout wayòm a Canaan yo.

Epi Li te 11bay yo peyi yo kon eritaj,

yon eritaj a Israël, pèp Li a. 12

Non Ou, O SENYÈ, dire jis pou tout tan,

Memwa Ou, O SENYÈ, pou tout jenerasyon yo.

Paske SENYÈ a va 13jije pèp Li a, e

va gen konpasyon pou sèvitè Li yo. 14

Zidòl a nasyon yo pa anyen sof ke ajan ak lò,

zèv a men a lòm.

Yo gen bouch, men yo pa pale.

Yo gen zye, men yo pa wè.

Yo gen zòrèy, men yo pa tande,

ni nanpwen souf nan bouch yo.

Sila ki fè yo va vin tankou yo.

Wi, tout sila ki mete konfyans nan yo.

O lakay 15Israël, beni SENYÈ a!

O lakay Aaron, Beni SENYÈ a!

O lakay Lévi, beni SENYÈ a!

Nou menm 16ki gen lakrent SENYÈ a, beni SENYÈ a!

Ke SENYÈ a beni soti 17nan Sion,

Sila ki abite Jérusalem nan,

Beni SENYÈ a!

Source notes (17)
  1. Cross-reference Sòm 113:1
  2. Cross-reference Sòm 92:13
  3. Cross-reference Sòm 100:5
  4. Cross-reference Egz 19:5
  5. Cross-reference Sòm 97:9
  6. Cross-reference Sòm 115:3
  7. Cross-reference Jr 10:13
  8. Cross-reference Egz 12:12
  9. Cross-reference Egz 7:10
  10. Cross-reference Sòm 44:2
  11. Cross-reference Det 29:8
  12. Cross-reference Egz 3:15
  13. Cross-reference Det 32:26
  14. Cross-reference Sòm 115:4-8
  15. Cross-reference Sòm 115:9
  16. Cross-reference Sòm 118:4
  17. Cross-reference Sòm 128:5

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.