Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Philémon 1

Paul, yon 1prizonye Kris Jésus, ak Timothée, frè nou an: a Philémon, frè byeneme e ouvriye parèy nou an, ak Apphia, sè ou, a 2Archippe 3sòlda parèy a nou, e a legliz lakay ou a: 4Lagras pou ou, ak lapè Bondye, Papa nou, e Senyè a, Jésus Kri. 5

Mwen remèsye Bondye m nan toujou, e nonmen non ou nan lapriyè m yo paske mwen 6tande de lanmou ou, ak lafwa ke ou genyen anvè Senyè a, Jésus, e anvè tout sen yo. Anplis, mwen priye pou lamitye lafwa ou kapab vin efikas selon 7konesans a tout bon bagay ki nan ou pou koz a Kris la. Paske nou gen tan twouve anpil 8lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin 9rafrechi atravè ou menm, frè.

Konsa 10malgre ke mwen gen ase konfyans nan Kris pou bay ou lòd pou fè sa ki bon, malgre pou koz lanmou an, mwen pito sipliye ou—paske mwen se yon moun tankou Paul 11granmoun lan, e koulye a, osi 12yon prizonye a Kris Jésus. Mwen sipliye ou, pou 13pitit mwen an, Onésime, ke mwen te vin fè pandan mwen te nan 14prizon an, ke avan, te initil a ou menm, men koulye a, li itil ni pou ou, ni pou mwen.

Mwen voye li tounen kote ou an pèsòn. Sa vle di, se kè m menm ke m voye a. Mwen te pito kenbe l avè m, pou l ta kapab, nan non ou, fè sèvis pou mwen, pandan mwen anprizone pou levanjil la.

Men san pèmisyon ou, mwen pa t vle fè anyen, pou bonte ou 15pa ta, anfèt “pa lafòs”, men m ta pito akoz bòn volonte pa ou. Paske, li ka petèt separe de ou, 16eksprè pou rezon sa a, pou yon ti tan, pou ou ta kapab genyen l vin retounen nèt, pa tankou yon esklav ankò, men plis ke yon esklav 17yon frè byeneme, sitou pou mwen menm, men plis ankò pou ou, nan lachè e nan Senyè a.

Si, konsa, ou gade mwen kòm yon 18ouvriye parèy ou, aksepte li kòm ou ta aksepte mwen. Men si, nan nenpòt jan li te fè ou tò, oswa dwe ou yon bagay, mete sa sou kont mwen. 19Mwen, Paul, mwen ap ekri sa avèk pwòp men mwen. Mwen va ranbouse ou li (annou pa menm pale ke ou menm dwe m menm pwòp tèt ou tou.)

Wi, frè m, kite m benefisye de ou nan Senyè a. 20Rafrechi kè m nan Kris la. 21Avèk konfyans nan obeyisans ou, mwen ekri ou, paske m konnen ke ou va fè menm plis ke sa mwen di a.

An menm tan an tou, prepare pou mwen yon kote pou m rete, paske mwen gen espwa ke pa 22lapriyè ou yo pou mwen, y ap lage m nan men ou. 23

Épaphras, prizonye parèy mwen nan Kris Jésus, salye ou tankou 24Marc, Aristarque, Démas 25Luc, ouvriye parèy a mwen yo. 26

Ke lagras Senyè a, Jésus Kri, rete avèk lespri ou. Amen.

Source notes (26)
  1. Cross-reference Ef 3:1
  2. Cross-reference Kol 4:17
  3. Cross-reference Fil 2:25
  4. Cross-reference Wo 1:7
  5. Cross-reference Wo 1:8
  6. Cross-reference Ef 1:15
  7. Cross-reference Phm 1:9
  8. Cross-reference II Kor 7:4,13
  9. Cross-reference I Kor 16:18
  10. Cross-reference II Kor 3:12
  11. Cross-reference Tit 2:2
  12. Cross-reference Phm 1
  13. Cross-reference I Kor 4:14
  14. Cross-reference Kol 4:9
  15. Cross-reference II Kor 9:7
  16. Cross-reference Jen 45:5,8
  17. Cross-reference Mat 23:8
  18. Cross-reference II Kor 8:23
  19. Cross-reference I Kor 16:21
  20. Cross-reference Phm 1:7
  21. Cross-reference II Kor 2:3
  22. Cross-reference II Kor 1:11
  23. Cross-reference Kol 1:7
  24. Cross-reference Kol 4:10
  25. Cross-reference Kol 4:14
  26. Cross-reference Gal 6:18

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.