Bib Sen An
Ebre Yo 1
Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.1
Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm 2eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak 3reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki 4bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.
Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon 5non pi ekselan ke yo menm.
Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di: 6
“Ou se Fis Mwen.
Jodi a Mwen fè Ou”?
E ankò: 7
“Mwen va yon Papa pou Li e
Li va yon Fis pou Mwen,”
E ankò, lè Li te pote premye ne a nan mond lan, Li di: 8“Kite tout zanj Bondye yo adore Li,” A zanj yo Li di: 9
“Li fè zanj Li yo tounen van, e
sèvitè Li yo yon flanm dife”
Men a Fis la, Li di: 10
“Twòn pa Ou a, O Bondye, se pou
Tout tan e pou tout tan.
E otorite san patipri a
se otorite wayòm Li an. 11
Ou renmen ladwati e
ou rayi linikite;
konsa, Bondye, Bondye pa w la
te 12onksyone ou avèk lwil lajwa a
pi plis ke parèy Ou yo.”
Epi,
“Ou menm, Senyè, nan kòmansman an
te poze fondasyon tè a.
Syèl yo se zèv lamen Ou. 13
Yo va peri, men Ou va rete toujou.
Yo tout va vin vye tankou vètman.
Epi tankou yon manto,
Ou va woule yo, fè woulo nèt.
Tankou vètman, yo va vin chanje,
men Ou rete menm jan an.
Lane pa Ou yo p ap fini.” 14
Men a kilès nan zanj yo, Li janm di: 15
“Chita sou men dwat Mwen,
jiskaske Mwen fè lènmi Ou yo vin
yon ti ban pou pye Ou”?
Èske tout zanj yo se pa 16lespri sèvitè, ki te voye eksprè pou rann sèvis pou koz a sila ki va eritye sali yo?
Source notes (16)
- Cross-reference Nonb 12:6,8
- Cross-reference Sòm 2:8
- Cross-reference II Kor 4:4
- Cross-reference Kol 1:17
- Cross-reference Ef 1:21
- Cross-reference Sòm 2:7
- Cross-reference II Sam 7:14
- Cross-reference Sòm 97:7
- Cross-reference Sòm 104:4
- Cross-reference Sòm 45:6
- Cross-reference Sòm 45:7
- Cross-reference És 61:1,3
- Cross-reference Sòm 102:26
- Cross-reference Sòm 102:26,27
- Cross-reference Sòm 110:1
- Cross-reference Sòm 103:20
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.