Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ebre Yo 2

Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou 1nou pa vin vag sou li.

Paske si pawòl ki te pale pa 2zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis, 3kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa?

Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo. Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa 4don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li.

Paske Li pa t bay zanj yo kontwòl sou 5monn k ap vini an, sou sa n ap pale a, men youn te temwaye yon kote, pou di: 6

“Kisa lòm ye, pou ou sonje li?

Oubyen, fis a lòm, pou ou sousye de li?

Ou fè li pou yon ti tan yon ti jan pi

piti pase zanj yo.

Ou kouwone li avèk glwa ak lonè.

Ou ba li pouvwa sou tout zèv men Ou yo;

e Ou mete tout bagay anba pye li.” 7

Paske nan bay li kontwòl sou tout bagay, Li pa kite anyen ki pa t kontwole pa li. Men koulye a 8malgre sa, nan moman sa a, nou poko wè tout bagay anba kontwòl li.

Men nou wè Li, Jésus, ki te fèt pou yon ti tan pi ba pase zanj yo, ki, 9akoz soufrans lanmò a, vin kouwone avèk glwa ak lonè, ke konsa pa lagras Bondye, Li ta kapab goute lanmò pou tout moun.

Paske se te jan li te dwe ye pou Li a, kòmsi 10pou Li menm e nan Li menm ke tout bagay yo ye, pou mennen anpil fis nan laglwa, pou 11rann pafè Otè delivrans lan atravè soufrans li yo.

Paske Sila ki 12fè moun sen an, ni sila ki vin sen yo, yo tout soti nan yon sèl Papa. Se pou rezon sa a, Li pa wont rele yo frè. Li di: 13

“Mwen va pwokame non Ou a frè m yo.

Nan mitan asanble a, Mwen va chante lwanj Ou.

Epi ankò: 14

“Mwen va mete konfyans Mwen nan Li.”

E ankò: 15

“Gade, Mwen menm avèk pitit

ke Bondye te ban Mwen yo.”

Alò, paske timoun yo vin menm ak Li nan pataje 16chè ak san, Li menm tou te patisipe menm jan an, pouke selon lanmò, Li ta kapab kraze pouvwa a sila ki te gen pouvwa lanmò a, ki se, dyab la; e ki ta kapab delivre tout sila ki akoz17perèz lanmò yo, te sijè a esklavaj pou tout lavi yo.

Paske anverite, Li pa bay èd a zanj yo, men li bay èd a desandan Abraham yo.

Pou sa ta vin rive, li te 18oblije vin fèt tankou frè Li yo nan tout aspè, pou Li ta kapab devni yon wo prèt fidèl ki gen mizerikòd nan tout bagay ki apatyen a Bondye, pou fè 19 yon sakrifis k ap padonnen peche a pèp yo. Paske akoz ke Li menm te 20tante nan sa ke Li te soufri a, Li kapab vin ede sila ki tante yo.

Source notes (20)
  1. Cross-reference Pwov 3:21
  2. Cross-reference Trav 7:53
  3. Cross-reference Eb 10:29
  4. Cross-reference I Kor 12:4,11
  5. Cross-reference Mat 24:14
  6. Cross-reference Sòm 8:4
  7. Cross-reference Sòm 8:5,6
  8. Cross-reference I Kor 15:25
  9. Cross-reference Trav 3:13
  10. Cross-reference Wo 11:36
  11. Cross-reference Eb 5:9
  12. Cross-reference Eb 13:12
  13. Cross-reference Sòm 22:22
  14. Cross-reference És 8:17
  15. Cross-reference És 8:18
  16. Cross-reference Mat 16:17
  17. Cross-reference Wo 8:15
  18. Cross-reference Fil 2:7
  19. Cross-reference Dan 9:24
  20. Cross-reference Eb 4:15

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.