Bib Sen An
Ebre Yo 3
Konsa, frè sen yo, patisipan a yon 1apèl selès yo, konsidere Jésus, Apot ak Wo prèt lafwa ke n ap konfese a. Li te fidèl a Sila ki te chwazi Li a, menmjan 2Moïse osi te fidèl nan tout kay Li a. 3Paske Li te konte dign de plis glwa ke Moïse, menmjan ke konstriktè kay la gen plis onè pase kay la li menm. Paske tout kay bati pa yon moun, men Sila ki bati tout bagay la, se Bondye. Alò, Moïse te fidèl nan tout kay Li a, kòm yon 4sèvitè 5pou yon temwayaj a bagay sila ki t ap vin pale pita yo; Men Kris te fidèl kòm yon Fis nan kay Li a. 6Se a kay pa Li nou ye a, si nou kenbe fèm nan konfyans nou an, ak fyète de fèm esperans ke nou gen jiska lafen an.
Konsa, jan Lespri Sen an di a: 7
“Jodi a, si nou tande vwa Li,
pa fè tèt nou di, jan lè yo te fè M fache a,
pandan jou tribilasyon yo nan dezè a, 8
kote Papa nou yo te fè eprèv mwen nan
tante Mwen, e te vin wè zèv Mwen yo
Konsa, Mwen te fache avèk jenerasyon sila a,
e M te di:
‘Yo toujou vin egare nan kè yo;
e yo pa t konnen chemen Mwen yo’. 11
Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an,
‘Yo p ap antre nan repo Mwen’. 12
Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an. Men 13ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa 14sediksyon peche a.
Paske nou gen tan devni patisipan an Kris 15si nou kenbe fèm a premye 16asirans nou an jiska lafen; Pandan ke li di: 17
“Jodi a si nou tande vwal L,
pa andisi kè nou,
jan lè yo te fè nan rebelyon an.”
Paske kilès ki te 18fè rebelyon an? Èske, vrèman, se pa t tout sila ki te sòti an Égypte ki te mennen pa Moïse yo?
Epi avèk kilès Li te fache pandan karant ane yo? Èske se pa avèk sila ki te peche yo 19ke kò yo te tonbe nan dezè a?
Epi a kilès Li te sèmante ke yo 20pa t ap antre nan repo, sof ke a sila ki te dezobeyisan yo?
Donk, nou wè ke yo pa t kapab antre akoz 21enkwayans yo.
Source notes (21)
- Cross-reference Fil 3:14
- Cross-reference Egz 40:16
- Cross-reference II Kor 3:7-11
- Cross-reference Nonb 12:7
- Cross-reference Det 18:18
- Cross-reference I Kor 3:16
- Cross-reference Sòm 95:8
- Cross-reference Sòm 95:11
- Cross-reference Trav 7:36
- Cross-reference Sòm 95:10
- Cross-reference Sòm 95:11
- Cross-reference Kol 2:8
- Cross-reference Eb 10:24
- Cross-reference Ef 4:22
- Cross-reference Eb 3:6
- Cross-reference Eb 11:1
- Cross-reference Sòm 95:7
- Cross-reference Jr 32:29
- Cross-reference Nonb 14:29
- Cross-reference Nonb 14:23
- Cross-reference Jn 3:18,36
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.