Bib Sen An
Ebre Yo 4
Konsa, annou toujou gen lakrent pou si, pandan yon pwomès pou antre nan repo Li a toujou rete, okenn nan nou pa ta sanble vin 1rate li.
Paske vrèman, bòn nouvèl la te preche a nou menm, menm jan ak yo, men 2pawòl yo te tande a pa t fè avantaj pou yo, paske li pa t jwenn avèk lafwa nan sila ki te tande yo a. Paske nou menm ki te kwè yo, nou te antre nan repo sa a, jan Li te di a: 3“Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an, yo p ap antre nan repo Mwen”, malgre zèv Li yo fini depi nan fondasyon mond lan.
Paske Li te di, yon kote, konsènan setyèm jou a: 4“Epi Bondye te repoze nan setyèm jou a de tout zèv Li yo.”
E ankò nan pasaj sa a: 5“Yo p ap antre nan repo Mwen.”
Konsa, paske li rete pou kèk moun antre ladann, epi sila ki, avan, te gen bòn nouvèl la preche a yo menm yo, te echwe antre ladann akoz 6dezobeyisans yo, Li ankò fikse yon sèten jou, “Jodi a”, e sa te ankò di atravè David apre anpil tan 7menm jan ke Li te di avan an: 8“Jodi a, si nou tande vwa Li, pa andisi kè nou.”
Paske 9si Josué te bay yo repo, Li pa t ap pale de yon lòt jou apre sa.
Konsa, gen yon repo Saba ki rete pou pèp Bondye a. Paske sila ki te antre nan repo Li a, li menm tou, te repoze de zèv li yo, jan 10Bondye te fè pou zèv pa Li yo. Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm 11egzanp dezobeyisans lan.
Paske 12pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo. 13Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije rannkont.
Konsa, paske nou gen yon si tèlman 14wo prèt ki te 15travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te 16tante nan tout bagay tankou nou menm, men 17san peche.
Konsa, annou 18rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
Source notes (18)
- Cross-reference II Kor 6:1
- Cross-reference Wo 10:17
- Cross-reference Sòm 95:11
- Cross-reference Jen 2:2
- Cross-reference Sòm 95:11
- Cross-reference Eb 3:18
- Cross-reference Eb 3:7
- Cross-reference Sòm 95:7
- Cross-reference Jos 22:4
- Cross-reference Jen 2:2
- Cross-reference II Pi 2:6
- Cross-reference Jr 23:29
- Cross-reference II Kwo 16:9
- Cross-reference Eb 2:17
- Cross-reference Ef 4:10
- Cross-reference Eb 2:18
- Cross-reference II Kor 5:21
- Cross-reference Eb 7:19
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.