Bib Sen An
Ebre Yo 5
Paske tout wo prèt ki 1pran pami moun se deziye pou moun, nan bagay ki apatyen a Bondye, pou l kapab ofri Bondye don ak sakrifis pou peche yo. Konsa,2wo prèt la kapab aji ak konpasyon selon moun inyoran ak egare yo, paske li menm osi, li gen anpil feblès. Epi akoz de sa, li oblije ofri sakrifis 3pou peche pèp la, e pou pwòp tèt li tou. 4Okenn moun konsa p ap pran onè pou tèt li, men li rele pa Bondye, menm jan Aaron te rele a. Menmjan an, Kris pa t osi bay pwòp tèt Li glwa, pou L ta devni yon wo prèt, men Li menm, Bondye ki te di Li: 5
“Ou se Fis Mwen; jodi a Mwen vin Papa Ou.”;
Menmjan Li di osi nan yon lòt pasaj: 6
“Ou se yon prèt pou tout tan
selon modèl Melchisédek la.”
Nan jou lachè Li yo, 7Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li. Malgre Li te 8yon Fis, Li te aprann 9obeyisans nan bagay ke Li te soufri yo. Epi apre, lè L te vin 10pafè, Li te vin devni pou tout sila ki obeyi Li yo, sous sali etènèl la, nonmen pa Bondye kòm 11wo prèt nan modèl a Melchisédek la.
Konsènan Li menm, nou gen anpil bagay pou di, e se difisil pou eksplike akoz ke nou vin mal pou tande. Paske malgre lè sa a, nou ta dwe vin mèt, nou bezwen ankò yon moun pou enstwi nou 12prensip de baz revelasyon Bondye yo. Ou vin bezwen lèt olye manje solid.
Paske tout sila ki pran lèt sèlman yo, yo pa abitye avèk pawòl ladwati a, paske yo 13bebe toujou. Men manje solid la, se pou 14granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.
Source notes (14)
- Cross-reference Egz 28:1
- Cross-reference Eb 2:18
- Cross-reference Lev 9:7
- Cross-reference Nonb 16:40
- Cross-reference Sòm 2:7
- Cross-reference Sòm 110:4
- Cross-reference Mat 26:39,42,44
- Cross-reference Eb 1:2
- Cross-reference Fil 2:8
- Cross-reference Eb 2:10
- Cross-reference Eb 2:17
- Cross-reference Eb 6:1
- Cross-reference I Kor 3:1
- Cross-reference I Kor 2:6
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.