Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ebre Yo 6

Konsa, nan 1kite enstriksyon elemantè sou Kris la, annou pouse de lavan vè matirite. Nou p ap poze ankò yon fondasyon repantans ki soti nan 2zèv mò yo, ak lafwa anvè Bondye, 3lenstriksyon sou lave ak poze men yo, 4rezirèksyon a mò yo ak jijman etènèl la. Tout sa nou va fè 5si Bondye kite l fèt.

Paske nan ka a sila ki, yon fwa, te 6eklere yo, ki te goute kado selès la, ki te vin patisipan nan Lespri Sen yo, 7te goute bon pawòl Bondye a ak pouvwa a tan k ap vini an, e ki answit, te vin tonbe, se 8enposib pou renouvle yo ankò a repantans, paske yo ankò krisifye pou kont yo Fis Bondye a e ekspoze Li a lawont piblik.

Paske tè ki bwè lapli ki tonbe souvan sou li a, e ki pote plant ki itil a 9sila k ap kiltive tè a, resevwa benediksyon a Bondye. Men si li pote pikan ak zepeng, li san valè e 10prèt pou vin madichonnen, e fini pa brile. Men 11byeneme yo, nou konvenk de pi bon bagay konsènan nou menm yo, bagay ki akonpanye Sali yo, malgre se konsa n ap pale.

Paske 12Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo. Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon 13espwa ranpli nan 14asirans konplè jiska lafen, pou nou pa vin mou, men rete 15imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.

Paske lè Bondye te fè pwomès la a Abraham, akoz ke Li pa t kapab sèmante pa okenn pi gran, Li te 16sèmante pa pwòp tèt Li. Li te di: “Byensi 17Mwen va beni ou, e byensi, Mwen va miltipliye nou.” Konsa, nan 18tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la.

Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi 19yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon.

Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre 20eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman. Pouke pa 21de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an. Lesperans sa a ke nou gen kòm lank pou nanm nou an, yon esperans ki asire e solid, youn ki 22menm antre anndan vwal tanp lan, 23kote Jésus te deja antre kòm youn ki kouri devan pou nou, e te devni yon wo prèt pou tout tan nan lòd Melchisédek la.

Source notes (23)
  1. Cross-reference Fil 3:13
  2. Cross-reference Eb 9:14
  3. Cross-reference Jn 3:25
  4. Cross-reference Trav 17:31
  5. Cross-reference Trav 18:21
  6. Cross-reference II Kor 4:4,6
  7. Cross-reference I Pi 2:3
  8. Cross-reference Eb 10:26
  9. Cross-reference II Tim 2:6
  10. Cross-reference Jen 3:17
  11. Cross-reference I Kor 10:14
  12. Cross-reference Pwov 19:17
  13. Cross-reference Eb 3:6
  14. Cross-reference Eb 10:22
  15. Cross-reference Eb 13:7
  16. Cross-reference Jen 22:16
  17. Cross-reference Jen 22:17
  18. Cross-reference Jen 12:4
  19. Cross-reference Egz 22:11
  20. Cross-reference Eb 11:9
  21. Cross-reference Nonb 23:19
  22. Cross-reference Lev 16:2,15
  23. Cross-reference Jn 14:2

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.