Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ebre Yo 7

Paske 1Melchisédek sila a, wa Salem nan, prèt a Bondye Pi Wo a, ki te rankontre Abraham lè l t ap retounen soti nan masak wa yo e te beni li, a li menm osi Abraham te bay yon dim nan tout piyaj la, ki te dabò, nan tradwi non li, wa ladwati, e menm osi wa Salèm, ki vle di wa lapè. San papa, san manman, san listwa zansèt, ki pa t gen ni kòmansman nan jou li yo, ni lafen nan lavi li, men fèt tankou 2Fis a Bondye a, li rete yon prèt pou tout tan.

Alò, obsève kijan mesye sa a te gran; menm Abraham, 3patriyach la, te bay li yon dim nan pi bon pati piyaj sila a. Konsa, sila vrèman de 4fis a Lévi yo, ki te resevwa plas a wo prèt la, te gen yon kòmandman nan lalwa pou fè kolekte yon dim ki soti nan pèp la, sa vle di, ki soti nan frè yo, malgre ke yo se desandan Abraham.

Men youn ki pa menm pami zansèt li yo, te kolekte yon dim soti nan Abraham e te beni sila 5ki te gen tout pwomès yo. Men san kesyon, pi piti a beni pa pi gran an.

Nan ka sila a, lòm mòtèl yo resevwa dim yo, men nan lòt ka a, yon moun resevwa yo 6de sila ke yo temwaye ke li viv toujou. Epi nou kapab di ke, selon Abraham menm Lévi, ki te resevwa dim yo, te peye dim yo, paske li te toujou nan ren a Papa l lè Melchisédek te rankontre li a. 7

Alò, si pèfeksyon an te nan sistèm prèt Levitik yo (paske se sou baz sa a ke 8pèp la te resevwa Lalwa), ki bezwen anplis ki te gen pou yon lòt prèt leve nan modèl Melchisédek la, ki pa t dezigne selon modèl Aaron an?

Paske lè sistèm prèt la vin chanje, vin gen nesesite pou yon chanjman lalwa tou. Paske 9sou sila ke n ap pale la a, li se yon manm nan yon lòt tribi ki pa t gen okenn moun ki te fè sèvis devan lotèl la.

Paske li byen klè ke Senyè nou an te desann 10sòti nan Juda, yon tribi ki pa gen korespondans ak anyen Moïse te pale konsènan zafè prèt yo. Epi sa pi klè toujou, si yon lòt prèt leve selon resanblans a Melchisédek, ki pa t devni konsa sou baz a yon 11lwa lachè, men selon pouvwa a yon lavi ki pa t kab peri. Paske li temwaye de Li: 12“Ou se yon prèt pou tout tan nan modèl a Melchisédek la.”

Paske sou yon bò, yo mete sou kote ansyen kòmandman an 13akoz de feblès ak initilite li. (Paske 14Lalwa pa t fè anyen pafè), epi sou lòt bò, yo mennen yon pi bon espwa, e atravè li menm nou vin rapwoche de Bondye. E kòmsi, li pa t fèt yon prèt san yon sèman, paske vrèman prèt lalwa yo te vin prèt san sèman, men Li menm avèk yon sèman, atravè Sila ki te di Li a: 15

“Senyè a gen tan sèmante e Li p ap chanje tèt Li;

‘Ou se yon prèt pou tout tan’.”

Selon modèl a Melchisédek la.”

Konbyen anplis ke sa, Jésus gen tan vin 16garanti a yon pi bon akò. Lansyen prèt yo, sou yon bò, te egziste an gran nonb, paske lanmò te anpeche yo kontinye fè sèvis yo, men Jésus, de lòt bò, akoz ke Li la 17pou tout tan, Li kenbe pozisyon prèt Li a pou tout tan.

Konsa, osi, Li kapab sove pou tout tan sila ki vin rapwoche de Bondye atravè Li menm yo, paske Li toujou vivan pou 18entèsede pou yo.

Paske se te byen an lòd pou nou ta gen yon wo prèt konsa, sen 19inosan, san tach, separe de pechè yo e 20egzalte piwo ke syèl yo; ki pa bezwen chak jou, tankou wo prèt sila yo, ofri sakrifis, premyèman pou pwòp peche pa L e anplis pou peche a pèp la, paske Li te deja fè sa 21yon fwa pou tout, lè Li te ofri tèt Li a.

Paske Lalwa nonmen moun 22ki fèb kòm wo prèt, men pawòl a sèman, ki te vini aprè Lalwa a, te nonmen yon Fis ki te 23fèt pafè pou tout tan.

Source notes (23)
  1. Cross-reference Jen 14:18-20
  2. Cross-reference Eb 7:28
  3. Cross-reference Trav 2:29
  4. Cross-reference Nonb 18:21,26
  5. Cross-reference Wo 4:13
  6. Cross-reference Eb 5:6
  7. Cross-reference Eb 7:18
  8. Cross-reference Eb 10:1
  9. Cross-reference Eb 7:14
  10. Cross-reference Nonb 24:17
  11. Cross-reference Eb 9:10
  12. Cross-reference Sòm 110:4
  13. Cross-reference Wo 8:3
  14. Cross-reference Trav 13:39
  15. Cross-reference Sòm 110:4
  16. Cross-reference Sòm 119:122
  17. Cross-reference És 9:7
  18. Cross-reference Wo 8:34
  19. Cross-reference I Pi 2:22
  20. Cross-reference Eb 4:14
  21. Cross-reference Eb 9:12,28
  22. Cross-reference Eb 5:2
  23. Cross-reference Eb 2:10

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.