Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ebre Yo 8

Koulye a, pwen prensipal nan sa ki te di a se sa: “Nou gen yon si tèlman wo prèt ki pran plas Li 1adwat a twòn Majeste a nan syèl yo.” Pou Li aji kòm sèvitè nan sanktyè a, ak nan 2vrè tabènak la ke Senyè a, olye lòm te fè leve.

Paske chak 3wo prèt nonmen pou ofri ni don ni sakrifis. Konsa li nesesè pou wo prèt sila a gen yon bagay pou l ofri tou. Alò, si Li te sou latè, Li pa t ap yon prèt menm, paske pou sa a, gen sila yo ki 4ofri don yo selon Lalwa, ki sèvi kòm yon kopi ak lonbraj a bagay selès yo, jis jan ke Moïse te avèti pa Bondye lè Li te prèt pou leve tabènak la, paske 5“Veye” Li te di: “pou ou fè tout bagay selon modèl ki te montre a ou menm sou mòn nan.”

Men koulye a, Li vin gen yon èv ki pi ekselan, paske Li se osi 6medyatè a yon pi bon akò, ki te etabli sou pi bon pwomès yo.

Paske 7si premye akò sa a te san defo, pa t ap gen yon rezon pou yon dezyèm. Paske akoz Li twouve fot nan yo, Li di: 8

“Gade byen, jou yo ap vini, di Senyè a,

lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk kay Israël la

e avèk kay Juda a; 9

Pa tankou akò ke Mwen te fè avèk zansèt pa yo

nan jou ke M te pran yo nan men

pou mennen yo sòti an Égypte la;

paske yo pa t kontinye nan akò Mwen an

e Mwen pa t okipe yo, di Senyè a. 10

Paske sa se akò ke Mwen va fè avèk kay Israël la

apre jou sa yo, di Senyè a:

Mwen va mete Lalwa Mwen nan panse yo,

e Mwen va ekri yo nan kè yo.

Mwen va Bondye yo,

e yo va pèp Mwen. 11

Epi yo p ap enstwi chak sitwayen parèy a yo

ak chak frè a yo, pou di: ‘Vin konnen Bondye’,

paske tout moun ap deja konnen Mwen, soti nan

pi piti jiska pi gran nan yo. 12

Paske Mwen va gen mizerikòd pou linikite pa yo

e Mwen p ap sonje peche yo ankò.

Lè L te di: 13“Yon akò tounèf”, Li fè premye a epwize nèt. Men, nenpòt sa ki vin epwize a, e ki vin vye, prè pou vin disparèt.

Source notes (13)
  1. Cross-reference Sòm 110:1
  2. Cross-reference Eb 9:11,24
  3. Cross-reference Eb 2:17
  4. Cross-reference Eb 5:1
  5. Cross-reference Egz 25:40
  6. Cross-reference I Tim 2:5
  7. Cross-reference Eb 7:11
  8. Cross-reference Jr 31:31
  9. Cross-reference Egz 19:5
  10. Cross-reference Jr 31:33
  11. Cross-reference Jr 31:34
  12. Cross-reference És 43:25
  13. Cross-reference Luc 22:20

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.