Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ebre Yo 9

Alò, menm premye akò a te gen 1règleman pou adore Bondye ak sanktyè tèrès la. Paske te gen 2yon tabènak ki te fin prepare. Sa ki pa deyò a, nan li te gen chandelye a, tab la, ak pen sakre a. Yo rele l lye sen an.

Andedan 3dezyèm vwal la, te gen yon tabènak ke yo te rele Sen dè Sen yo. Li gen yon 4lotèl an lò pou lansan an, ak lach akò a ki kouvri nan tout kote avèk lò. Ladann te gen yon vaz an lò ki gen lamàn nan, ak baton Aaron an ki te boujonnen, ak tablèt akò yo. Epi anwo li, se te cheriben laglwa a ki te fè lonbraj sou plas ekspiyasyon an. Men de bagay sa yo, nou pa kab pale an detay koulye a.5

Alò, lè bagay sa yo fin byen prepare konsa, prèt yo ap 6toujou antre nan tabènak pa deyò a, pou fè adorasyon Bondye, men nan dezyèm nan, se sèl wo prèt la ki antre ladann yon fwa pa ane. Men fòk li pote 7san, ke li ofri pou tèt li a ak pou 8peche ke pèp la te fè nan inyorans yo.

Lespri Sen an ap fè nou konnen sa a; 9ke chemen pou antre nan lye sen an poko fin revele, pandan tabènak deyò a toujou kanpe. Tabènak sila a se yon imaj pou tan prezan sila a. Selon sa a 10ni kado ni sakrifis k ap ofri yo pa kapab fè adoratè a vin pafè nan konsyans li, paske yo lye sèlman ak 11manje, bwason, ak plizyè bagay pou lave, règleman kò ki enpoze jis pou 12lè tout bagay vin nèf.

Men lè Kris te parèt tankou 13wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a. Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men 14nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.

Paske si 15san a kabrit, ak towo, ak pousyè sann a yon gazèl voye sou sila ki te konwonpi yo, te sanktifye yo pou netwaye chè a, konbyen anplis ke 16san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?

Pou rezon sila a, Li se 17medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.

Paske kote denyè testaman akò mò a ye, fòk gen lanmò a sila ki te fè l la. Paske yon denyè testaman akò mò valab sèlman lè moun mouri, paske li pa janm an fòs pandan sila ki te fè l la toujou vivan.

Konsa, menm premye akò a pa t inogire san san. Paske lè tout kòmandman yo te fin pale pa Moïse a tout pèp la selon Lalwa 18li te pran san a towo ak kabrit 19avèk dlo, lenn wouj ak izòp, e te aspèje yo ni sou liv la, ak tout pèp la. E konsa li te di: 20“Sa se san akò ke Bondye te kòmande nou an.”

Menm jan an, li te 21flite tabènak la ak tout veso pou sèvis yo avèk san an. Epi selon Lalwa, se 22prèske tout bagay ki netwaye avèk san, e san vèsman san, nanpwen padon.

Konsa, li te nesesè pou kopi 23a bagay ki nan syèl yo ta vin netwaye avèk san sila a, men bagay selès yo, yo menm, avèk yon pi bon sakrifis ke sa yo.

Paske Kris 24pa t antre nan yon lye sen ki te fèt avèk men, yon kopi senp de sa ki vre a, men nan syèl la li menm; konsa, pou l parèt nan prezans a Bondye pou nou. Ni se pa t pou Li ta kab ofri tèt Li souvan, kòm 25wo prèt ki antre nan lye sen an ane aprè ane avèk san ki pa pou li a. Otreman, Li t ap bezwen soufri souvan depi fondasyon mond lan; men koulye a 26pou yon sèl fwa nan fen tan yo, Li te vin parèt pou aboli peche yo pa sakrifis a Li menm nan.

Epi konsa, jan 27sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa 28jijman an vini an, konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou 29pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.

Source notes (29)
  1. Cross-reference Eb 9:10
  2. Cross-reference Egz 25:8,9
  3. Cross-reference Egz 26:31-33
  4. Cross-reference Egz 30:1-5
  5. Cross-reference Egz 25:17,20
  6. Cross-reference Nonb 18:2-6
  7. Cross-reference Lev 16:11,14
  8. Cross-reference Nonb 15:25
  9. Cross-reference Jn 14:6
  10. Cross-reference Eb 5:1
  11. Cross-reference Lev 11:2
  12. Cross-reference Eb 7:12
  13. Cross-reference Eb 2:17
  14. Cross-reference Eb 9:14
  15. Cross-reference Lev 16:15
  16. Cross-reference Eb 9:12
  17. Cross-reference I Tim 2:5
  18. Cross-reference Egz 24:6
  19. Cross-reference Lev 14:4-7
  20. Cross-reference Egz 24:8
  21. Cross-reference Egz 24:6
  22. Cross-reference Lev 5:11
  23. Cross-reference Eb 8:5
  24. Cross-reference Eb 4:14
  25. Cross-reference Eb 9:7
  26. Cross-reference Eb 7:27
  27. Cross-reference Jen 3:19
  28. Cross-reference II Kor 5:10
  29. Cross-reference És 53:12

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.