Bib Sen An
Ebre Yo 10
Paske Lalwa a, akoz ke se sèlman yon lonbraj a bon bagay k ap vini yo, e ki pa vre fòm a bagay sa yo, pa 1janm kapab, ak menm sakrifis ke yo ofri, tout tan ane apre ane yo 2 fè vin pafè moun ki te rapwoche de li yo. Otreman, èske yo pa t ap sispann ofri sakrifis sa yo, akoz de adoratè yo, lè yo te fin netwaye yon fwa, yo pa t ap 3vin sanse pechè ankò?
Men 4nan sakrifis sa yo, gen yon sistèm pou sonje peche yo ane apre ane. Paske se enposib pou 5san towo ak kabrit efase peche.
Konsa, lè Li vini nan mond lan, Li te di: 6
“Sakrifis ak ofrann Ou pa t dezire,
men yon kò Ou te prepare pou Mwen. 7
Nan tout ofrann ki brile
ak sakrifis pou peche,
Ou pa t pran plezi. 8
Answit, Mwen te di:
‘Gade, Mwen gen tan vini
(nan woulo liv la li ekri de Mwen)
“pou fè volonte Ou, o Bondye.’”
Lè L te fin di tout sa a: 9“Sakrifis ak ofrann yo, tout ofrann brile ak sakrifis pou peche yo, Ou pa t dezire yo, ni Ou pa t pran plezi nan yo” (sila k ap ofri selon Lalwa yo).
Answit, Li te di: 10“Gade, Mwen vini pou fè volonte Ou.”
Li retire premye a pou Li kapab etabli dezyèm nan. Pa volonte sila a, nou 11vin sanktifye pa 12ofrann a kò Jésus Kris la yon fwa pou tout.
Chak prèt kanpe chak jou pou fè ministè li e 13l ofri, tan apre tan, menm sakrifis yo, ki 14pa janm kapab efase peche yo.
Men Li menm, ki te ofri yon sèl sakrifis pou peche yo pou tout tan an, Li 15te vin chita sou men dwat a Bondye, pou Li ta tann depi lè sa jis rive pi devan an 16jiskaske lènmi li yo vin tounen yon ti ban pou pye li. Paske pa yon sèl ofrann, Li te vin rann 17pafè pou tout tan sila ki vin sen yo.
Epi 18Lespri Sen an temwaye osi a nou menm. Paske apre Li te di: 19
“Sa se akò ke Mwen va fè avèk yo
apre jou sa yo, di Senyè a;
Mwen va mete Lwa Mwen nan kè yo,
e nan panse yo, Mwen va ekri yo.”
Li di answit: 20
“Epi peche ak inikite yo,
Mwen p ap sonje yo ankò.”
Alò, kote gen padon pou bagay sa yo, nanpwen ofrann pou peche ankò.
Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans 21pou antre nan lye sen an pa san Jésus a pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou 22atravè vwal la, ki se chè Li, epi paske nou vin gen yon Granprèt 23lakay Bondye a, annou 24rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp. Pou nou kenbe fèm a 25pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
Epi annou konsidere jan pou nou kapab 26ankouraje youn lòt nan lanmou ak bon zèv. Pa nan abandone pwòp asanble nou, jan kèk moun abitye fè, men nan 27ankouraje youn lòt, e plis menm akoz nou wè jou a ap pwoche.
Paske si nou kontinye nan 28peche volontèman aprè nou resevwa 29konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak 30yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo. 31
Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade 32san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?
Paske nou konnen Sila ki te di a: 33“Vanjans se pou Mwen. Mwen va rekonpanse.” E ankò: 34“Senyè a va jije pèp Li a.” Se yon bagay ki tèrib pou tonbe nan men 35Bondye vivan an.
Men sonje jou nan tan pase yo, lè apre nou te fin 36eklere, nou te andire yon gwo 37konfli soufrans nan yon jan, nou te 38devni yon spektak piblik, repwòch ak tribilasyon, men osi nou te 39pataje soufrans ak sila ki te maltrete konsa yo. Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l 40avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.
Konsa, pa jete 41konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans. Paske nou oblije 42andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab 43resevwa sa ki te pwomèt a nou an. 44
“Paske nan yon tan ki kout,
Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta. 45
Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa;
e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”
Men nou pa pami sila ki fè bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm lan.
Source notes (45)
- Cross-reference Wo 8:3
- Cross-reference Eb 7:19
- Cross-reference I Pi 2:19
- Cross-reference Eb 9:7
- Cross-reference Eb 9:12
- Cross-reference Sòm 40:6
- Cross-reference Sòm 40:6
- Cross-reference Sòm 40:7,8
- Cross-reference Sòm 40:6
- Cross-reference Sòm 40:7,8
- Cross-reference Jn 17:19
- Cross-reference Ef 5:2
- Cross-reference Eb 5:1
- Cross-reference Mi 6:6-8
- Cross-reference Sòm 110:1
- Cross-reference Sòm 110:1
- Cross-reference Eb 10:1
- Cross-reference Eb 3:7
- Cross-reference Jr 31:33
- Cross-reference Jr 31:34
- Cross-reference Eb 9:25
- Cross-reference Eb 6:19
- Cross-reference I Tim 3:15
- Cross-reference Eb 7:19
- Cross-reference Eb 3:1
- Cross-reference Eb 13:1
- Cross-reference Eb 3:13
- Cross-reference Nonb 15:30
- Cross-reference I Tim 2:4
- Cross-reference És 26:11
- Cross-reference Det 17:2-6
- Cross-reference Egz 24:8
- Cross-reference Wo 12:19
- Cross-reference Det 32:36
- Cross-reference Mat 16:16
- Cross-reference Eb 6:4
- Cross-reference Fil 1:30
- Cross-reference I Kor 4:9
- Cross-reference Fil 4:14
- Cross-reference Mat 5:12
- Cross-reference Eb 10:19
- Cross-reference Luc 21:19
- Cross-reference Eb 9:15
- Cross-reference Eb 2:3
- Cross-reference Hab 2:4
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.