Bib Sen An
Ebre Yo 11
Alò, lafwa se 1asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.
Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te 2vin apwouve.
Pa lafwa nou konprann ke 3mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.
Pa lafwa 4Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.
Pa lafwa 5Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi.
Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki 6vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.
Pa lafwa 7Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.
Pa lafwa 8Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale. Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan 9peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la. Paske li t ap chache 10vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm.
Pa lafwa, menm 11Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la. Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e 12li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif 13kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.”
Tout sila yo te mouri nan lafwa 14san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo 15te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a. Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo. Si vrèman, yo t ap panse ak peyi sa a ke yo te soti a 16yo t ap twouve chans pou retounen. Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon 17peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske 18Li te prepare yon vil pou yo.
Pa lafwa 19Abraham, lè l te vin pase a leprèv, li te ofri Isaac; e sila ki te 20resevwa pwomès la, t ap ofri sèl fis li a. Se te selon fis sa menm ke Li te di: 21“Nan Isaac, desandan ou yo va rele.”
Men li te konsidere ke 22Bondye kapab leve moun menm soti nan lanmò. E vrèman, li te osi resevwa li (Isaac) soti nan lanmò kòm yon modèl de sila ki t ap vini an. Pa lafwa 23Isaac te beni Jacob ak Ésaü, menm selon bagay ki t ap vini yo.
Pa lafwa 24Jacob, pandan li t ap mouri, li te beni tout fis Joseph yo, e li te adore pandan li t ap apiye sou tèt baton li.
Pa lafwa 25Joseph, lè l t ap mouri, te pale sou egzòd a fis Israël yo, e te pase lòd konsènan zo li yo.
Pa lafwa 26Moïse, lè l te fèt, te kache pandan twa mwa pa paran li yo, paske yo te wè ke li te yon bèl pitit; e yo pa t pè 27lòd wa a.
Pa lafwa, Moïse 28lè l te fin grandi, li te refize rele fis a fi Farawon an; men li te chwazi pito 29sipòte afliksyon avèk pèp Bondye a pase pou l ta rejwi nan plezi peche k ap pase yo. Li te 30konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan.
Pa lafwa, li te 31kite Égypte, san 32krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la. Pa lafwa, li te 33fè Pak Jwif la, e li te flite san an, pou sila ki te detwi premye ne yo pa t kab touche yo. Pa lafwa yo te 34travèse Lamè Wouj, kòmsi yo t ap pase sou tè sèk. E Ejipsyen yo, lè yo te tante fè l, te vale nèt. Pa lafwa 35miray Jéricho yo te tonbe 36apre yo te fin fè wonn yo pandan sèt jou.
Pa lafwa 37Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.
Epi kisa mwen kapab di anplis? Paske nanpwen tan pou pale de Gédéon 38Barak, Samson, Jephthé, David, Samuel, ak pwofèt yo, ki pa lafwa, te fè konkèt wayòm yo, te fè zèv ladwati, te 39resevwa pwomès yo, e te fèmen bouch a lyon yo. Yo te 40etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale. 41
Fanm yo te resevwa anretou mò yo pa rezirèksyon. Lòt yo te toumante, ni pa t aksepte pou yo ta lage, paske yo te pito resevwa yon pi bon rezirèksyon. Epi lòt nan yo te pase pay nan moke ak resevwa kout fwèt; wi, menm 42chenn ak prizon tou.
Yo te 43lapide ak kout wòch, yo te siye an de bout, yo te pwovoke, e te mete a lanmò avèk nepe. Yo te ale toupatou an po mouton ak po kabrit, san mwayen, aflije, maltrete— moun ke mond lan pa menm merite yo— Yo te 44gaye kò yo nan dezè, mòn, nan kavo, ak twou nan tè yo.
Malgre, tout moun sila yo, ki te vin apwouve selon lafwa yo 45pa t resevwa sa ki te pwomèt la. Paske Bondye te ranje yon 46pi bon pwovizyon pou nou menm 47pouke apa de nou menm, yo pa ta kapab vin pafè.
Source notes (47)
- Cross-reference Eb 3:14
- Cross-reference Eb 11:4,39
- Cross-reference Jn 1:3
- Cross-reference Jen 4:4
- Cross-reference Jen 5:21-24
- Cross-reference Eb 7:19
- Cross-reference Jen 6:13-22
- Cross-reference Jen 12:1-4
- Cross-reference Trav 7:5
- Cross-reference Eb 12:22
- Cross-reference Jen 17:19
- Cross-reference Wo 4:19
- Cross-reference Jen 22:17
- Cross-reference Eb 11:39
- Cross-reference Jen 23:4
- Cross-reference Jen 24:6-8
- Cross-reference II Tim 4:18
- Cross-reference Eb 11:10
- Cross-reference Jen 22:1-10
- Cross-reference Eb 11:13
- Cross-reference Jen 21:12
- Cross-reference Wo 4:21
- Cross-reference Jen 27:27-29,39
- Cross-reference Jen 48:1,5,16,20
- Cross-reference Jen 50:24
- Cross-reference Egz 2:2
- Cross-reference Egz 1:16,22
- Cross-reference Egz 2:10,11
- Cross-reference Eb 11:37
- Cross-reference Luc 14:33
- Cross-reference Egz 2:15
- Cross-reference Egz 2:14
- Cross-reference Egz 12:21
- Cross-reference Egz 14:22-29
- Cross-reference Jos 6:20
- Cross-reference Jos 6:15
- Cross-reference Jos 2:9
- Cross-reference Jij 4; Jij 5
- Cross-reference II Sam 7:11
- Cross-reference Dan 3:23
- Cross-reference I Wa 17:23
- Cross-reference Jen 39:20
- Cross-reference I Wa 21:13
- Cross-reference I Wa 18:4,13
- Cross-reference Eb 10:36
- Cross-reference Eb 11:16
- Cross-reference Rev 6:11
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.