Bib Sen An
Ebre Yo 12
Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi 1mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, ak zye nou byen fikse sou Jésus 2fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te 3sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.
Paske 4konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje. 5
Nou poko reziste jis rive 6pou rann san nan lit nou kont peche. Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo: 7
“Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,
ni vin febli lè nou korije pa Li; 8
Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,
e Li fwete tout fis ke L resevwa.”
Se pou disiplin ke nou andire. 9Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? Men si nou san disiplin 10kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.
Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a 11Papa a tout lespri yo, e 12viv? Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou 13pou nou kapab pataje sentete Li a.
Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay 14fwi lapè ladwati a.
Konsa 15ranfòse men ki manke fòs ak jenou ki fèb yo, epi 16fè chemen pye nou dwat, jis pou manm kò ki mal ranje a pa vin dejwente nèt, men pito vin geri. 17
Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a. Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn 18rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin 19konwonpi. Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen 20san Bondye tankou Esaü 21ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje. Paske nou konnen ke menm apre sa, 22lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.
Paske nou pa t vin kote 23yon mòn ki kapab touche e ki t ap flanbe, ni a tenèb, fènwa, ak tanpèt ni a 24gwo kout twonpèt ak son pawòl ki sone tankou sila ki te tande l t ap 25mande sekou a, pou okenn pawòl pa t pale a yo menm ankò. Paske yo pa t kapab sipòte dekrè a: 26“Menm si yon bèt touche mòn nan, li va lapide ak kout wòch.” Vizyon sila a te si tèlman tèrib ke Moïse te di: 27“Mwen plen lakrent ak tranbleman”.
Men 28nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak 29vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole, anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo 30ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo, epi anvè Jésus 31medyatè yon akò tounèf la, e anvè 32san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la. Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te 33avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la. Epi vwa Li te souke tè a nan moman an, men koulye a, Li fè yon pwomès, e Li di: 34“Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman tè a, men osi syèl la.”
Ekspresyon sa a: “Malgre yon fwa ankò”, fè nou konprann ke tout bagay ki te kreye, ki kapab souke 35va retire, pou bagay sila ki pa kapab souke yo, kapab vin rete. Konsa, akoz ke nou resevwa yon 36wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent. Paske 37Bondye nou an se yon dife k ap devore.
Source notes (37)
- Cross-reference Wo 13:12
- Cross-reference Eb 2:10
- Cross-reference Fil 2:8
- Cross-reference Rev 2:3
- Cross-reference Eb 10:32
- Cross-reference Fil 2:8
- Cross-reference Job 5:17
- Cross-reference Pwov 3:12
- Cross-reference Det 8:5
- Cross-reference I Pi 5:9
- Cross-reference Nonb 16:22
- Cross-reference És 38:16
- Cross-reference II Pi 1:4
- Cross-reference És 32:17
- Cross-reference És 35:3
- Cross-reference Pwov 4:26
- Cross-reference Wo 14:19
- Cross-reference Det 29:18
- Cross-reference Tit 1:15
- Cross-reference I Tim 1:9
- Cross-reference Jen 25:33
- Cross-reference Jen 27:30-40
- Cross-reference Egz 19:12,16
- Cross-reference Mat 24:31
- Cross-reference Egz 20:19
- Cross-reference Egz 19:12
- Cross-reference Det 9:19
- Cross-reference Rev 14:1
- Cross-reference Eb 11:10
- Cross-reference Luc 10:20
- Cross-reference I Tim 2:5
- Cross-reference Eb 9:19
- Cross-reference Egz 20:22
- Cross-reference Ag 2:6
- Cross-reference És 34:4
- Cross-reference Dan 2:44
- Cross-reference Det 4:24
Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.
Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.