Skip to content
BibleKenya

Bib Sen An

Ebre Yo 13

Kite 1lanmou pou frè yo kontinye.

Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou 2bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen. 3

Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.

Maryaj dwe kenbe ak gwo respè pami tout moun, e kabann maryaj la dwe rete san souye; 4paske Bondye ap jije fònikatè ak adiltè yo.

Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: 5“Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” pou nou di avèk konfyans: 6

“Senyè a se soutyen mwen.

Mwen p ap pè.

Sa lòm ka fè m?”

Sonje 7sila ki te dirije nou yo, ki te pale pawòl Bondye ak nou. Konsidere rezilta a zèv pa yo, e imite lafwa yo. 8

Jésus Kri se menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan. 9

Pa vin pote ale pa doktrin varye e dwòl, paske li bon pou kè a ranfòse pa lagras, men pa ak kalite manje 10ki pa t bay benefis a sila ki te swiv yo.

Nou gen yon lotèl 11kote sila ki fè sèvis nan tabènak yo pa gen dwa manje. Paske 12kò a bèt sila yo ki gen san yo, ke Wo Prèt la pote nan lye sen an kòm yon ofrann pou peche yo, dwe brile deyò kan an. Menm jan an, Jésus osi, pou Li te kapab sanktifye pèp la 13ak pwòp san Li, te soufri deyò pòtay la. Donk, annou ale jwenn Li deyò kan an 14pou pote repwòch Li yo.

Paske isit la, nou pa gen yon vil k ap dire, men n ap chache vil ki gen pou vini an.

Alò, atravè Li menm, annou ofri yon sakrifis lwanj pou Bondye san rete, ki se 15fwi a lèv ki bay remèsiman a non Li yo.

Epi pa neglije fè sa ki bon e 16pataje youn avèk lòt. Paske 17nan sakrifis konsa yo, Bondye pran plezi.

Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske 18yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou. Priye pou nou, paske nou asire ke nou gen yon 19bon konsyans, nan dezire kondwi tèt nou avèk lonè nan tout bagay. Mwen ankouraje nou menm plis pou fè sa 20pou mwen kapab vin restore a nou menm pi vit menm.

Koulye a, ke 21Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a 22gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an, 23ekipe nou nan tout bon zèv, pou 24fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

Men mwen ankouraje nou 25frè m yo, pou sipòte 26pawòl egzòtasyon sila a, paske mwen ekri nou brèvman. Byen aprann ke 27frè nou Timothée lage, e mwen va wè nou avèk li menm, si li vini vit. Salye 28tout lidè nou yo ak tout sen yo. Sila an Italie yo salye nou. Ke lagras rete avèk nou tout.

Source notes (28)
  1. Cross-reference Wo 12:10
  2. Cross-reference Jen 18:1
  3. Cross-reference Kol 4:18
  4. Cross-reference I Kor 6:9
  5. Cross-reference Det 31:6,8
  6. Cross-reference Sòm 118:6
  7. Cross-reference Eb 13:17,24
  8. Cross-reference Eb 8:12
  9. Cross-reference Ef 4:14
  10. Cross-reference Eb 9:10
  11. Cross-reference I Kor 10:18
  12. Cross-reference Egz 29:14
  13. Cross-reference Eb 9:12
  14. Cross-reference Luc 9:23
  15. Cross-reference És 57:19
  16. Cross-reference Wo 12:13
  17. Cross-reference Fil 4:18
  18. Cross-reference Éz 3:17
  19. Cross-reference Trav 24:16
  20. Cross-reference Phm 22
  21. Cross-reference Wo 15:33
  22. Cross-reference Jn 10:11
  23. Cross-reference I Pi 5:10
  24. Cross-reference Fil 2:13
  25. Cross-reference Eb 3:1
  26. Cross-reference I Pi 5:12
  27. Cross-reference Trav 16:1
  28. Cross-reference I Kor 16:16

Bib Sen An. Copyright © 2017-2023 Ron Smith. Licensed under CC BY-SA 4.0. Source: eBible.org. Typeset from the source files; no intended changes to scripture wording. BibleKenya is not endorsed by the rights holder.

Full source notice & licence · CC BY-SA 4.0 · SourceEdition imported 2026-10-25.

BibleKenya

Reader settings

Theme
Font
Alignment
Reading width

Saved in this browser and used offline too. Press ? for keyboard shortcuts.